Accessibility links

Breaking News

Denver ak Atlanta Kalifye pou Faz Final la


basketball

Atlanta Hawks ak Denver Nuggets kalifye pou plas faz NBA a san yo pa menm monte sou teren an. Atlanta jwen 8 tièm e dènye plas nan konferans de Lès la apre viktwa 117 a 110 Washington Wizards ranpòte sou Indiana Pacers. Denver jwen 8 tièm e dènye plas nan konferan de Lès la apre Phoenix Suns elimine Golden State Warriors 122 a 116. Cavaliers, Celtics, Raptors, Jazz, Bulls ak Spurs yo ranpòte la viktwa nan rankont yo te diskute yè swa.

La polis te arete Carmelo Anthony boné yè maten nan san ki sanble li tap koudwi sou enfluyans alkòl. La polis fè konnen vedèt Nuggets la echwe nan yn seri de tès. Vedèt la gen pou l peye penalite pandan li ge pou l prezante nan tribunal 14 Me. Carmelo Anthony prezante ekskuz li bay fanatik yo, konpayèl li yo ak responsab ekip la.

Je Zolenpik

Nan moman Tòch Olenpik la ap fè yon virewon sou planèt la responsab olenpik yo sot rankontre ak komite olenpik nasyonal yo pou bay yon ide sou pwogrè ki fèt kèk mwa avan lansman ofisyèl konpetisyon an. Alain Jean Pierre, prezidan Federasyon Atletis ayisyen an, di n reprezanta komite nasyonal yo siyen yon dokuman kote yo pran angajman pou yo pa boykote je Peken 2008 yo.

Football

Antrenè klub Angle Manchester United Alex Ferguson fè konnen ekip la dwe ranpòte 2 pwochen rankont li pou l ranpòte chanpyona lig footbal angle a apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Arsenal. Manchester United ap chache ranpòte yon 10 zièm tit.

Ansyen atakan seleksyon nasyonal Brezil la Romario anonse yè Lendi a fi-ni- lap pran retrèt li nan football. Romario jwe 2 koup du mond pou Brezil an 1990 ak 1994. Msye jwe 73 match pou seleksyon nasyonal la ant 1987 a 2005.Li make 56 gòl pandan periòd la. Mario te jwe nan Vasco da Gama kote li fini karyè l. Msye pase nan Flamengo ak Fluminense o Brezil. Msye jwe nan Barcelòn, PSV Eindhoven ak Valencia.

XS
SM
MD
LG