Accessibility links

Breaking News

Yon Gadyen Lapè L'ONU Mouri nan Zak Vyolans ann Ayiti Kote Reyaksyon Kontinye Tonbe Aprè Sena a Fin Revoke Premye Minis Alexis


Misyon Nasyon Zini Pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) kondane asasina yon gadyen lapè nan zak vyolans ki dewoule samdi pase a nan Potoprens pandan yon foul manifestan --ki tap pwoteste kont lavi chè a-- t ap mache sou Palè Nasyonal la. Yon lòt kote, Asosyasyon Chofè Transpò Piblik yo fikse yon grèv pou lendi 14 avril la pou yo fòse otorite yo bese pri gazolin nan, aprè Prezidan René Préval te anonse yon bès nan pri diri a samdi pase a.

Nouvèl ki sòti nan Latibonit fè konnen enkoni ame ouvè kout-zam sou moun ki te abò yon bato tou prè vil Sen Mak kote yo fè 7 mò.

Anfen, a pati de madi 15 avril la, Pap Benwa 16 ap tanmen yon vit 3 jou nan Washington kote Souvren Pontif la gen pou L rankontre nan mèkredi avèk Prezidan George Bush nan La Mezon Blanch. Aprè Washington, Sa Sentete Lepap gen pou L ale New York.

Pou w koute detay nouvèl sa yo, klike sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG