Accessibility links

Breaking News

Kar de Final Koup Davis la Kòmanse Jodi a


Tennis

Kar de final Koup Davis : Tchèk Radèk Stepanèk kale rus Igor Andreeev 3 sèt 0 pou-l mete seri 5 match 1-1 ant La Rusie ak Republik Tchèk. Espay ap men-nen 1-0 sou Almay apre viktwa viktwa Rafaèl Nadal an 3 sèt sou alman Nikolas Kiefer. Venkè seri sa-a ap rankontre ak vènkè match ant La Frans ak Etazuni-an . Nan lòt kar de final , Nan buenozèr, David Nalbandian bay Arjantin premye pwenn sou la Swèd apre viktwa-l sou Tomas Johansson an 4 sèt 6-2, 5-7,6-4, 6-2. Etazuni ap akeyi la Frans pita nan jounen an . Semi final-yo fikse pou Septanb epi final ap dewoule nan fen mwa Novanm nan.

Rus Maria Sharapova remonte yon defisi poul kalifye nan kar de final tounwa tenis kap dewoule nan Amelia Island. Sharapova kale espayòl Anabel Medina Garrigues 7-6,5-7,7-6. Franse Amelie Mauresmo ak Ongwa Agnes Szavay kalifye pou kar de final

Football

Nouvèl ki soti ann Espay fè konnen Barselòn ak Milan Ac ta pratikman rive a on teren dantant sou transfè Ronaldnyo-a nan klub italyen-an. Selon kèk sous transfè ta supoze ofisyèl dimanch pwochen apre siyatu. Prezidan Milan Ac-a ap fè-l le plaisir pou-l fè anons-la paske msye ren-men Ronaldinyo.

Nan foutbòl , Bayern de Munich kalifye pou semi final koup UEFA a apre match nul 3 a 3 li fè ak Getafe. Bayern pral rankontre Zenit St Petersburg ki elimine Bayer Leverkusen menm lè yo pèdu 1 a 0 a domisil. Fiorentina, yon klub italyen , pase yon vitès superyè sou PSV Eindhoven( klub la Oland) pou-l jwenn biyè-l pou semi-final-la . Italyen-yo kale PSV 2-0 pou yo rankontre ak Glasgow Rangers ki suprann Sporting de Lisbòn 2 a 0. Final Unyon Football Eropeyen an ap dewoule nan Manchester an Angletè le 14 Me.

Kèk rankont ki fikse pou weekend nan isit Ozetazuni D-C United pral jwe lakay Real Salt Lake. Kolonbus Crew ap akeyi Chivas USA. Houston pral lakay Kansas. Chikago Fire ap fè yon kout pye lakay San Jose Earthquake. Sa a se pami kèk rankont kap jwe nan chanpyona football premye divizyon amerken an.

Basketball

Dallas Marvericks kalifye pou faz final NBA a apre viktwa supriz li ranpòte devan Utah Jazz 97 a 94. Ak 3 match ki manke pou sezon regulye a fini Mavericks yo klase an 7 tièm pozisyon nan konferans de Lwès la. Denver Nuggets okipe pwovizwaman 8 tièm pozisyon an apre swif 114 a 105 li ranpòte devan Golden State Warriors. Los Anjeles pilon-nen rival li Los Anjeles Clippers 106 a 78.

XS
SM
MD
LG