Apre diplomasi beton an (presyon nan lari a) peyi zanmi Ayiti yo ap travay sou yon inisyativ diplomatik pou ede l' fè fas ak kriz l’ap travèse depi manifestasyon kont lavichè a te debouche sou zak vyolans ki deja fè plizyè mò nan kapital la ak nan prensipal vil pwovens yo. Diplomat yo ap chèche yon "solusyon-konpwomi" apre yon gwoup palmantè reklame demisyon Premye-Minis Jacques Edouard Alexis.
Pandanstan, Hugo Fasano, reprezantan Fon Monetè Entènasyonal ki Ayiti a deklare gouvènman ayisyen an ta dwe panse a moun ki nan bezwen yo nan plan li konte mete an' aplikasyon pou rezoud kriz la. Fè yon klik sou ralonj ki anlè atik sa a pou devlopman 2 pwen sa yo avek jounalis Serge Rodriguez e Jacques Jean-Baptiste