Accessibility links

Breaking News

Òganizasyon Eta Ameriken Deside Voye Èd Alimantè Ak yon Asistans 1 Milyon Dola Bay Ayiti


Albert R Ramdin, asistans sekretè-jeneral òganizasyon eta ameriken yo (OEA) anonse peyi manm yo pral voye 400 tòn manje nan peyi Dayiti. Èd sa a, dapre sa msye Ramdin di nan yon entèviou li bay Lavwad'lamerik, dwe rive nan repiblik karayib la nan apeprè 2 semèn. Anplis asistans alimantè sa a, msye Ramdin di òganizasyon rejyonal la pral bay Ayiti yon èd 1 milyon dola.

Numewo 2 OEA a di nasyon latino-ameriken yo pral cheche kreye yon pwogram apui urjan pou Ayiti. Anons msye Ramdin nan rive nan moman Ayiti ap fè fas, depi yon semèn, ak yon seri manifestasyon mele ak vyolans kont lavi chè a ki pran lavi apeprè yon dizèn moun e koze anpil dega atravè peyi a.

Pou plis presizyon sou dosye sa a ale sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou n' koute repòtaj Ronald Cesar la

XS
SM
MD
LG