Plis pase yon dizèn senatè ayisyen pwopoze pou Premye-Minis Jacques Edouard Alexis ta demisyone volontèman disi samdi, devan kriz ak vyolans ki pete akòz lavichè a. Clarens Renois, ki se youn nan Gran-Korespondan VOA nan Pòtoprens di nou Senatè yo menase pou yo lanse yon efò pou sansire Chèf Gouvènman an si li pa kite pòs la pou kont li.
Reyaksyon kontinye fèt tou nan Diaspora ayisyèn nan sou manifestasyon ak vyolans kap fèt ann Ayiti kont lavichè a. Yves Mompremier, ki nan eta Florid, di nou Chanm Komès Ayisyano-Ameriken an mande stabilite politik, pou kapab gen envestisman nan peyi a.
Pou w koute de repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.