Accessibility links

Breaking News

Etazuni ak Kanada Kalifye pou Je Zolenpik yo


Football

Etazuni ak Kanada kalifye pou je zolenpik yo apre viktwa yo ranpòte nan semi final la. Ameriken yo kalifye apre swif 3 a 0 yo pase Kosta Rika aloske Kanada jwen tikè pa l apre viktwa tou mens 1 a 0 kanadyen yo ranpòte devan Meksik ki tap jwe a domisil. Etazuni ap rankontre Samdi ak Kanada pou detèmine chanpyon ak vis chanpyon tounwa. Meksik ap rankontre Kosta Rika nan match konsolasyon pou 3 zièm plas la.

D.C United elimine nan chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon an malgre li kale klub Pachuka 2 a 1 yè swa nan stad Robert F Kennedy a isit Washington. Pachuka, ki te ranpòte match ale a 2 a 0, kalifye sou gòl diferans. Jodi a lòt semi final retou a ap jwe ant klub ameriken Houston Dinamo kont klub Kosta Riken Deportivo Saprissa. Match ale a te fini 0 a 0.

Machester United kale AS Wòm 1 a 0 pou l kalifye pou semi final lig dçèchanpyon Eropeyen an. FC Barselòn kale Shalke 04 1 a 0 pou l kalifye pou semi final la. Chelsea kont Liverpool epi Manchester United kont Barselòn. Final la fikse pou 21 Me nan vil Moskou.

Basketball

Lebron James make 33 pwen pou ede Cleveland Cavaliers pilon-nen New Jersey Nets 104 a 83. Washington Wizards te fè anpil efò avan li kale Boston Celtics 109 a 95. New Orleans tronse Minnesota Timberwolves 122 a 90 . Philadelphia, Orlando, Toronto, New York, Houston ak Phoenix yo tout ranpòte la viktwa yè swa.

XS
SM
MD
LG