Basketball
Rido-yo tonbe yè swa sou chanpyona baskèt-bòl kay univèsitè-yo . Univèsite Kansas remonte yon defisi 9 pwen 2 minit avan fen tan reglemantè apou-l pouse rankont-la al nan pwolongasyon . Finalman Kansas kale Memphis 75 a 68. Se te yon gran match avèk rebondisman e sansasasyon. Antrenè Kansas la Bill Self fè konnen se yon satisfaksyon ranpòte tit chanpyon nasyonal la nan yon konpetisyon trè konpetitif kote oken nan ekip yo pat vle bay lòt la legen. Se premye tit Kansas ranpòte depi 1988.
Patrick Ewing ak Hakeem Olajuwon figure pami 7 ansyen basketè ki elu pou fè pati koulwa selebrite a. Antrenè Pat Riley, ki ede Los Anjeles Lakers ranpòte 4 tit NBA epi yon lòt nan Miami.
Football
Bouyon boul nan okazyon kar de final retou lig dè chanpyon Eropeyen an. Jodi madi-a , Chelsea pral dèyè remonte yon gòl apre defèt-li nan kar de final ale-a 2-1 nan La Turki klub Turk Fenerbahce. Nan Anfield , Liverpool kapab fè la diferans lè lap rankontre jodi-a tou ak Arsenal. 2 ekip yo te fè match 1 a 1 nan match ale a. Epi demen mèkredi-a Manchester United ap akeyi AS Wòm Women avèk anpil konfyans akoz surtou viktwa 2-0-la nan match ale-a .Toujou gen espwa pou Shalke 04 malgre defèt 1 a 0 yo te subi devan FC Barselòn---Barsa kap jwenb san yon pakèt titulè notammment Ronaldinyo. .
Ann Ayiti, nouvo selkesyonè ayisyen Wagneau Eloi pran direksyon ekip nasyonal-la avèk yon objektif presi : kalifye Ayiti pou Mondyal 2010-la. Eloi, 34 tran , ki deja genyen yon eksperyans ann ewòp pral eseye kalifye onz ayisyen pou yon 2e fwa onz ayisyen. Ayiti twouve-l an 97e pozisyon nan klasman FIFA-a.