Accessibility links

Breaking News

Ayiti ak Trinidad and Tobago ap Reprezante Karayib la


Football

Seleksyon nasyonal Trinidad and Tobago ranpòte pou yon 2 fwa afile tit chanpyona football an sal pou rejyon karayib la apre yo kale Ayiti 6 a 3 nan yon rankont ki te jwe nan Trinidad and Tobago yè dimanch la. Surinam konsole l ak 3 zièm plas la apre li wouze Guyan 7 a 1. Trinidad ak Ayiti ki te deja kalifye pou faz final zòn KONKAKAF la pral jwen Costa Rika, Kuba, Meksik, Panama, Etazuni ak peyi òganizatè a Gwatemala pou patisipe nan yon mini chanpyona soti 2 pou rive 8 Jwen pou detèmine 3 reprezantan zòn KONKAKAF la nan koup du mond football an sal ki gen pou dewoule o Brezil soti 30 Septanm pou rive 19 Oktòb.

An Ayiti yon match amikal pou kolekte fon pou mete sou pye yon chèn televizyon Tele Solèy te dewoule pandan weekend nan ant la polis ak prèt yo. Polisye yo wouze pè yo ak gòl 6 a 1.

Seleksyon football feminen ameriken bezwen yon viktwa pou l kalifye pou faz final je zolenpik Peken yo. Ameriken yo fini nan tèt group A apre yo wouze Meksik 3 a 1. Malgre defèt la Meksiken yo kalifye pou 2 zièm tou a kote yo pral rankontre Kanada ki kale Kosta Rika 1 a 0 nan group B a. Etazuni ap rankontre Trinidad and Tobago ki fini 2 zièm nan group la. Venkè 2 semi final yo ap kalifye pou reprezante zòn KONKAKAF la nan je zolenpik yo.

Otorite spòtif Meksiken yo ap etudye dosye 7 kandida nan kad efò yap fè pou ranplase ansyen antrenè Hougo Sanchez ki revoke apre eliminasyon seleksyon Olenpik la. Jesus Ramirez ki okipe pozisyon an tanporèman pou figure sou lis 7 kandida yo. Ramirez ap dirije seleksyon ki pral jwe match amikal kont la Chin 16 Avril nan Seattle, Washington.

Vedèt football Los Anjeles Galaksi angle David Beckham ap foure nan pòch li pou sezon 50 fwa salè mwayen yon jwè ap touche nan lig la. Bekham ap touche 6 pwen 5 milyon dola konpare ak Mekisken Cuauhtemoc Blanco kap touche plis pase 2 milyon 600 mil dola e kap evolye nan Chikago Fire. An 3 zièm pozisyon nou jwen atakan DC United Marcelo Gallardo kap jwe nan DC United ak plis pase 1 milyon 500 mil dola. Juan Pablo Anglel; kap jwe nan New York Red Bulls resevwa plis pase 1 milyon 593, 570 mil dola. Anba tablo a nou jwen 46 jwè kap touche 33 mil dola--30 lòt ap resevwa mwens ke 18 mil dola epi 43 jwè pepinyè ap resevwa 12,900 dola.

Nan lig Football Balonwon ameriken an DC United wouze Toronto Football Klub 4 a 1 an prezans de plis pase 20 mil fanatik. Nan lòt rankont Kansas City Wizards ranpòte 2 zièm viktwa a apre yo kale Kolorado Rapids 3 a 2. New York Redbulls van-en Kolonbus Crew 2 a 0. Real Salt Lake tonbe devan Chivas USA 3 a 1. Yè Dimanch la duèl ant Houston Dinamo ak Dallas fini nul 3 a 3.

FC Barselòn toujou kwè li kapab ranpòte chanpyona espayòl la malgre yo rate chans pou te redui ekar ki separe yo ak Real Madrid ki sot fè matchn nul ak Mallorca Samdi. Barselonè pat pwofite opòtunite a lè yo fè match nul 0 a 0 ak Getafe a domisil. FC Barselòn ap tren-nen ak 7 pwen dèyè lidè chanpyona a Real Madrid. Menm situation pou Villarreal ki klase 2 zièm apre defèt 2 a 0 yo subi devan FC Seville.

Semen sa a match retou kar de final lig dè chanpyon Eropeyen an lè Manchester United ap akeyi AS Wòm. Women yo te subi yon defèt a domisil semen pase a 2 a 0 devan United. Liverpool kapab fè diferans lè lap rankontre Arsenal. 2 ekip yo te fè match 1 a 1 nan match ale a. Chelsea pa ta gen pwoblèm pou l kalifye malgre defèt 2 a 1 li te subi devan klub Turk Fenerbahce. Toujou gen espwa pou Shalke 04 malgre defèt 1 a 0 yo te subi devan FC Barselòn.

Ronaldhino trouve l nan sant pale anpil kap fèt pou l kite Barselòn pou l jwe nan yon lòt klub Eropeyen. Antrenè Manchester City Sven Eriksson pa kache santimann pou l ta gen sèvis brezilyen an. Menm situasyon an pou Milan AC ki di yap fè tout sa yo kapab pou jwen transfè Ronaldhino kap jwe nan FC Barselòn depi 2003. Msye ranpòte ak klub espayòl la yon tit lig dè chanpyon an 2006--2 tit chanpyona premyè divizyon an 2005 e 2006. Depi kèk tan Ronaldinho ap fè fas ak yon seri de blesu. Msye sèlman jwe 13 match pou barselonè yo nan yon total 30 rankont pou sezon sa a.

Basketball

Aswè a nan San Antonio Tekzas Memphis ap rankontre Kansas pou detèmine chanpyon nasyonal univèsitè yo kategori maskulen. Memphis rive nan final apre li elimine UCLA Samdi 78 a 63. Kansas tronse Karolina Tar Heels 84 a 66.

Nan yon match ki ale nan pwolongasyon 2 fwa Seattle Supersonics kale Denver Nuggets 151 a 147. Memphis Grizzlies te fè anpil efò avan li kale Minnesota Timberwolves 113 a 101. Alman Dirk Nowitzki make 32 pwen pou pèmèt Dallas Marvericks remonte yon defisi 13 pwen pou l kale Phoenix Suns 105 a 98. Lòt ekip ki ranpòte la viktwa se Hornets, Pistons, Pacers, Knicks, Lakers ak Rockets.

Tennis

Rus Nikolay Davydenko suprann numewo 2 tenis mondyal la Espayòl Rafael Nadal ak yon viktwa an 2 manch 6-4, 6-2 pou l ranpöte tounwa tenis Sony Ericcson nan kap dewoule tou pre vil Miami. Davydenko, ki ranpòte 12 zièm tit nan karyè l, foure nan pòch li 590 mil dola pou viktwa a.

Cyclisme

Bèlj Stijn Devolder ranpòte 92 zièm edisyon kous bisiklèt Flanders la an beljik la.

JeZolenpik

Responsab komite Olenpik Entènasyonal la Jacque Rogge mande otorite chinwa yo rezoud situasyon Tibet a nan moman manifestason kap dewoule vize trouble parkour tòch Olenpik la. Jodi a manifestan te fose otorite franse etenn toch la 5 fwa pou pipiti epi mete l nan yon otobus pandan parkour la pou rezon sekurite.

XS
SM
MD
LG