Accessibility links

Breaking News

Ankèt sou Asasina Jounalis Jean Dominique la Rankontre Difikilte, daprè Jij Denstriksyon an


Nan peyi Dayiti, jij ki responsab dosye asasina jounalis Jean Léopold Dominique ak gadyen Radio Haiti Inter, Jean-Claude Louissaint, fè konnen li resevwa menas pandan l ap travay sou dosye a. Jij Fritzner Fils-Aimé pale tou de lòt difikilte ki fè ankèt la pa ka avanse. Korespondan nou Clarens Renois bay detay depi Pòtoprens.

Yon lòt kote, yon manm palman an (yon reprezantan Depatman Sid la)lanse apèl bay manifestan ki pran lari pou yo pwoteste kont lavi chè a, pou mande yo evite atake pwopriyete prive. Vrèman vre, jedi 3 avril la pèp souvren te pran beton an nan vil Okay ak Gonayiv pou yo mande otorite yo bese pri pwodui premye nesesite yo ki monte disèt wòtè. 5 moun ta blese nan manifestasyon sa yo. Rotchild François Jr., ki nan Pòtoprens, ap devlope nouvèl sa a pou nou.

Klike sou lyen anlè a pou w tande nouvèl sa yo e plis ke sa toujou sou VOA.

XS
SM
MD
LG