Football
Los Anjeles Galaksi wouze San Jose Eathquake 2 a 0. David Beckham make youn pami gòll̀ yo epi Landon Donovan kore viktwa a sou yon pas de mitan teren seleksyon Angle a. Nan lòt rankont Chikago Fire pilon-nen New England Revolution 4 a 0.
Blesu ap kenbe an deyò teren an atakan New England Revolution Taylor Twellman pandan 8 semen. Chanpyona a ap rapousib demen Samdi a lè Toronto Football klub ap vizite DC United. Kansas City Wizards ap akeyi Kolorado Rapids. Kolonbus Crew pral lakay New York Red Bulls epi Real Salt Lake pral lakay Chivas USA. Dimanch Houston Dinamo ap akeyi Dallas.
Responsab lig football balonwon ameriken anonse match tout vedèt mwatye sezon an ap dewoule nan Toronto O Kanada kont klub Angle West Ham le 24 Juyè Antrenè seleksyon Japonè a fè konnen lap profite de match amikal selesyon an pral jwe kont Kot Divwar ak Paragwe pou remonte moral jwè yo apre defèt 1 a 0 yo sot subi fas a Baren nan kad match kalifikatif koup du mond la.
Alman Berti Vogts non-men kòm nouvo antrenè seleksyon Azerbaijan jusnan fen ane 2009 la. Azerbaijan trouve l nan menm group ak Almay, la Rusi, Findland, peyi dè Gal ak Liechtenstein.
Peyi nan Amerik du Sud la kritike Brezil apre li pa supòte lòt peyi Amerik du Sud la ki kouche an kwa kont entèdiksyon FIFA enpoze pou match pa jwe an Altitud-yon desizyon ki afekte Bolivi. Brezil refuze siyen yon deklarasyon 9 peyi Amerik du Sud yo siyen yè Jedi a. Peyi Amerik du Sud yo te supòte alunanimite kandidatu brezil pou l akeyi koup du mond football 2014 la.
Yon lòt kote federasyon football Ostrali a konfime yon match chofe jarèt ak Gana nan kad preparatif pou eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Ostrali gen pou rankontre ak Irak le 1 Jwen answit le 7 nan Dubai avan yo boukante balon ak Katar.
Sou kontinan Eropeyen an klub Rus Zenit Sen Pittersburg kapab kalifye pou semi final UEFA a apre li pilon-nen klub Alman Bayer Leverkusen 4 a 1 nan kar de final ale chanpyona a. Getafe fè match nul 1 a 1 ak Bayern de Munik. P SV Eindhoven fè nul 1 a 1 ak Fiorentina. Sporting de Lisbòn fè match nul 0 a 0 ak Glasgow Rangers. 2 zièm tou a ap dewoule le 10 Avril.
Basketball
Gen Gordon te pase yon vitès superyè nan fen tan reglemantè a pou pèmèt Chikago Bulls ranpòte yon viktwa 101 a 98 devan Cleveland Cavalier yè swa nan NBA a. Nan Portland Tracy McGrady make 35 pwen pou pèmèt Houston Rockets danse sou Portland Trail Blazers 95 a 86. Sakramento Kings te fè anpil efò avan li kale Los Anjeles Clippers 110 a 98.
Bò kote Univèsitè yo aswè semi final chanpyona nasyonal la ap jwe nan San Antonio Tekzas Univèsite North Carolina kont Kansas epi Memphis kont UCLA.
Tennis
Apre 11 tantativ finalman ameriken Andy Roddick kale swis Roger Federer fwa sa a nan tounwa tenis Miami an 7-6, 4-6, 6-3 nan kar de final tounwa tenis Miami an. Roddick pral rankontre Rus Nicolay Davydenko ki elimine Sèb Janko Tipsarevic 6-2, 6-1.
Bò kote meda m yo Ameriken Serena Williams remonte yon defisi pou l kale Rus Svetlana Kuznetsova 3-6, 7-5, 6-3. Williams ap rankontre nan final ak Sèb Jelena Jankovic ki elimine Rus Vera Zvonareva 6-1, 6-4.