Accessibility links

Breaking News

Meksik ap Chache yon Nouvo Antrenè


Football

Federasyon Football Meksiken an revoke Hugo Sanchez kòm antrenè seleksyon nasyonal yo apre 16 mwa nan pòs la. Pami rezon revokasyon an se eliminasyon seleksyon Olenpik la. Otorite yo non-men Jesus alyas Chucho Ramirez kòm antrenè pwovizwa. Sanchez te gen yon salè 100 mil dola chak mwa an olis de komisyon sou publisite, patwonaj, vant tikè, pwomosyon

Klub Meksiken Pachuca tronse D.C United 2 a 0 nan semi final ale chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon an. DC United te fè anpil efò pou bloke liy datak Pachuka a men san suksè. Match retou a fikse pou Mèkredi pwochen isit WAshington. D.C United bezwen yon viktwa ak 3 gòl diferans si l vle pase nan final la. Aswè a Houston Dinamo ap akeyi klub Kosta Riken Deportivo Saprissa.

Manchester United ranpòte yon viktwa an deplasman lakay AS Wòm 2 a 0 nan kar de final ale chanpyona lig dè chanpyon an. Cristiano Ronaldo ak Wayne Rooney make gòl United. Klub espayòl FC Barselòn sove la fas gras ak yon viktwa tou mens 1 a 0 lakay klub Alman Shalke 04. Match retou a fikse pou semen pwochèn nan lè Manchester United ap akeyi AS Wòm epi Barselòn ap akeyi Shalke 04. Jodi a Arsenal ap akeyi Liverpool epi klub Turk Fenerbahce ap akeyi Chelsea.

Basketball

New Orleans Hornets ranpòte yon viktwa de justès devan Orlando Majik 98 a 97. Nan San Antonio Tekzas franse Tony Parker make 26 pwen pou pèmèt San Antonio Spurs ranpòte 8 tièm viktwa afile yo--viktim nan fwa sa a se Golden State Warriors ki tonbe 116 a 92. Nan Denver Allen Iverson make 31 pwen nan viktwa 126 a 120 Denver Nuggets ranpòte devan Phoenix Suns. Milwaukee Bucks te bezwen pwolongasyon pou l kale New York Knicks 119 a 115

US/ Olympic

Komite Olenpik Ameriken an anonse lap kontinye rezide nan katye jeneral yo genyen nan Kolorado Springs pou yon lòt 25 kan apre antant yo jwen ak konsèy munisipalite vil la ki aprouve yon pakage 53 milyon dola pou òganizasyon kontinye fonksyone nan komunote a.. Katye Jeneral komite Olenpik ameriken an se yon sant dantreman pou atlèt ameriken yo avan yo patisipe nan yon konpetisyon entènasyonal.

Tennis

Ameriken Serena Williams ak bèlj Justine Henin kalifye pou semi final tounwa tenis Open Sony Ericsson nan kap dewoule nan tou pre vil Miami. Swis Roger Federer ak Espayòl Rafael Nadal kalifye pou semi final la tou.

XS
SM
MD
LG