Accessibility links

Breaking News

Etazini Satisfè Ak Kèk Desizyon Izrayèl Anonse Konsènan Sisjòdani


Sekretè-deta ameriken an, Condoleezza Rice, fè chita tande ak lidè izrayelyen, palestinyen ak jòdanyen pandan dezyèm vizit lap fè nan MwayennOryan nan mwens ke yon mwa. Madam Rice te reyaji dimanch sou anons gouvènman izrayelyen an fè kote l’di li pral elimine 50 barikad lame ki bloke wout nan Sisjòdani, lap pèmèt moun fè antre-soti san pwoblèm nan vil Jeriko e lap poze mwens kondisyon pou kèk Palestinyen ki bezwen deplase atravè teritwa sa a, ki sou kontwòl Izrayèl.

Sekretè-deta Rice di fòk gen pwogrè reyèl pou yon lavi miyò pami Palestinyen yo pandan eta ebre a kontinye ap pwoteje sekirite-li. Li di "responsablite a pataje, pou yon atmosfè ak yon reyalite ki ka debouche sou kreyasyon yon eta palestinyen ki baze sou sekirite ni pou Izrayelyen ni pou Palestinyen, ak kapasite Palestinyen yo pou yo siviv ekonomikman."

Minis afè etranjè Izrayèl la, madam Tzipi Livni, deklare gouvènman Premye Minis Ehud Olmert la vle kolabore ak Palestinyen modere yo pou amelyore ekonomi pèp palestinyen an, men fòs gen plis sekirite. Tzipi Livni di "bon fòmil la se fè tout sa n’kapab, depi sa pa afekte sekirite nou, paske lòt responsablite a se bay sitwayen izrayelen yo sekirite." Men chèf diplomasi Izrayèl la ajoute ke li kwè ni Izrayèl ni Pouvwa Palestinyen an, yo tou 2 konprann ke ekonomi palestinyèn nan fè pati enterè Izrayèl e sekirite Izrayèl fè pati enterè palestinyen yo.

Gouvènman Mahmoud Abbas la deja pwomèt kolaborasyon ni pou amelyore sekirite nan Sisjòdani e retabli lòd nan vil Djenin. Semèn pase a, Izrayèl te anonse lap kite yon fòs polis ki resevwa antrènman spesyal, e ki lwayal anvè Prezidan Abbas (ki se yon lidè modere), antre nan Djenin pou konbat militan radikal yo.

XS
SM
MD
LG