Accessibility links

Breaking News

Trèzièm Edisyon Lig Football Ameriken an Demare Weekend sa a


Football

13 zièm sezon Lig Football Balonwon ameriken ap demare demen Samdi a.

Federasyon football ameriken an konplete plan pou l jwe yon match amikal ak Arjantin le 8 Jwen nan Giant Stadium nan New York. Match sa a ap dewoule apre ameriken yo finn rankontre Angletè nan stad Wemble a le 28 Me epi Espay le 4 Jwen. Ameriken yo pral jwe rankont la apre viktwa 3 a 0 yo sot ranpòte devan la Polòy nan kad praparatif yap fè pou eliminatwa koup du mond Afrik du Sud la.

Etazuni ap akeyi Barbad le 15 Jwen nan Karson an Kalifòni. Venkè seri ale/retou a kapab figure nan menm group ak Kuba, Gwatemala ak Trinidad and Tobago pou semi final la.

Klub football angle Chelsea gen pou la jwe pou la premyè fwa an Chin kote li pral rankontre klub Guangzhou. Rankont la ap jwe an Juyè nan kad toune klub angle a ap fè sou kontinan Azyatik la.

Prezidan Unyon Football Eropeyen Michel Platini eksprime kè sote l sou preparasyon koup dEròp an tandè m ant Ukraine ak Polòy. Platini deja lanse yon avètisman bay 2 peyi òganizatè yo sou mank pwogrè li konstate nan òganizasyon konpetisyon an 2012.

Pou kalme kè sote responsab Unyon Football Eropeyen an Premye Minis 2 peyi yo siyen yon akò kote yo fòme yon komisyon kooperasyon sou travay kap tann 2 peyi yo tankou modènizasyon mwayen transpò ak konstruksyon stad yo.

Unyon football Eropeyen an gen pou l bay presizyon definitiv sou otogòl ki soulve anpil pale pami atakan ak defansè. Responsab yo pral fikse pozisyon yo sou moun ki dwe kredite pou gòl la--atakan an ou byen jwè ekip advès la ki detounen balon an nan gòl la. Responsab yo di pou kounye a se abit la ki deside jwè ki make gòl la.

Basketball

Louisville Cardinals kalifye pou final rejyonal chanpyona basketball univèsitè yo apre yo elimine TEnnessee yè swa nan Charlotte North Carolina ak 79 a 60. Cardinals yo pral rankontre demen Samdi a numewo 1 an North Carolina ki tronse Washington 68 a 47. Nan Phoenix Arizona UCLA elimine Western Kenturky 88 a 78 pou l al rankontre Xavier ki te bezwen pwolongasyon avan li elimine West Virjinya 79 a 75.

Semi final rejyonal la ap rapousib jodi a lè Kansas ap rankontre Villanova epi Wisconsin kont Davidson. Nan rejyon Sud la Michigan State pral tope balon fas a Memphis epi Stanford kont Tekzas.

Detroit Pistons pilon-nen Miami Heat 85 a 69. Denver Nuggets wouze Dallas Marvericks 118 a 105. Golden State Warriors kale Portland Trail Blazers 111 a 95. Denver ak Golden State nan yon lut sere/sere pou 8 tièm e dènye plas ki disponib nan konferans de Lwès la.

Je Zolenpik

Komite Olenpik ayisyen anonse je la pè ki te dwe dewoule Weekend sa a ant 2 vil fwontalyè Ayiti pataje ak Republik dominikèn ranvwaye sou demand otorite dominiken yo.

Minis Afè Etranjè Unyon Eròp la gen pou konsidere fason pou reponn operasyon sere boulon la Chin ap men-nen nan Tibè. Konsiderasyon sa a ap fèt apre kèk politisyen lanse apèl pou boykote je zolenpik Peken yo. Madi dènye prezidan franse a Nicolas Sarkozy te sugjere yon boykotaj seremoni douvètu konpetisyon an. Prezidan Alman Horst Koehler fè konnen lap chita lakay li aloske chanselye Angela Markel di desizyon an pa gen anyen pou l wè ak Tibè.

Plizyè minis afè etranjè di yap adopte yon politik founi je gade nan kriz la. Juska prezan pozisyon ofisyèl Eropeyen an se mande pati konsène yo pou mete dlo nan diven yo pandan yo mande la chin pou l louvri yon dyalòg sou dwa kulturèl ak lidè spirituèl ekzile Tibeten an Dalai Lama.

Cyclisme

La Grand Bretay kap akeyi chanpyon siklis entènasyonal la ranmase meday dò nan konpetisyon an yè Jedi a devan Danmak ak Ostrali.

Unyon Siklis Entènasyonal la fè konnen plan pou l kontinye ak pwogram ki rele Paspò malgre li pèdu pwosè li tap fèt kont responsab ajans anti dopaj mondyal la Dick Pound. Yè Mèkredi a nouvo prezidan WADA a publiye yon nòt kote li anonse ajans la pap kolabore ak unyon siklis entènasyonal la ankò. Responsab la di WADA pral travay ak lòt òganizasyon spòtif pou avanse pwojè koleksyon echantiyon san siklis pwofesyonèl yo epi kreye yon pwofil medikal pou asure siklis yo pa utilize pwodui dopan.

Tennis

Kapitèn ekip koup Davis ameriken an Patrick McEnroe anonse lap konsève menm fòmasyon ki te kale la Rusi a lè yap rankontre la Frans nan kar de final mwa pwochen an. Rankont la ap dewoule nan Winston Salem an Karolin du Nò. Venkè rankont sa a ap rankontre venkè rankont kap dewoule ant Espay ak Almay an Septanb.

Natasyon

Najè Ostralyen Eamon Sullivan bat yon nouvo rekò du mond nan kous 50 mèt naj lib la kap dewoule nan vil Sidney. Sullivan favori pou ranpòte kous 50 mèt la pandan je zolenpik Peken yo.

XS
SM
MD
LG