Accessibility links

Breaking News

Premye-Minis Ayisyen an Ap Vizite Washington


Chef gouvènman ayisyen an, Jacques Edouard Alexis, kòmanse jodi jedi a yon vizit 2 jou nan kapital amerikèn nan. Nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik, premye minis ayisyen an di li vin Washington pou li chache finansman pou divès pwojè.

Mesye Alexis gen pou l' chita pale ak ofisyèl Ajans Ameriken pou Devlòman Entènasyonal (USAID), Depatman Trezò ameriken an, Sekretè Deta Condoleezza Rice, ak Sekretè Jeneral OEA a, Jose Miguel Insulza. Premye Minis Alexis prevwa lòt rankont avèk Bank Entèramerikèn Devlòpman, Fon Monetè Entènasyonal, ak sosyete sivil ayisyèn nan nan Washington.

Pou w ka koute deklarasyon Premye-Minis la fè nan mikwo Jn-Pierre Leroy, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG