Accessibility links

Breaking News

Etazuni ak Ayiti Konnen Pwochen Advèsè yo


Football

Balon te woule yè Mèkredi a nan plizyè kwen sou tè a. Ayiti tonbe 3 a 1 devan Ekwatè nan yon match amikal entènasyonal. Charles Davidson te louvri skò pou Ayiti avan ayisyen yo sukonbe devan Ekwatoryen yo. Ayiti gen pou rankontre Antiy Neerlandèz nan seri ale/retou eliminatwa koup du mond Afrik du Sud la. Antiy Neerlandèz yo kalifye apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Nikaragwa.

Isit Washington Salvador van-nen Anguila 4 a 0 pou rankontre Panama nan pwochen tou eliminatwa koup du mond la. La Barbad bat la Dominik 1 a 0 pou l rankontre ak Etazuni nan yon seri match ale/retou

Match eliminasyon dirèk nan Trinidad Surinam wouze Montserrat 7 a 1 pou l pase nan pwochen faz la e rankontre la Guya n. La Grenad toupizi Il Vyèj ameriken yo 10 a 0 pou l rankontre Kosta Rika nan 2 zièm tou a .Sen Kitts and Navis fè match nul 1 a 1 ak Beliz. Beliz ranpòte seri a pou l rankontre Meksik.

Antigua e Barbuda ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Aruba pou l ranpòte seri a pou l al rankontre Kuba nan 2 zièm tou a. Sent Lusi kalifye pou pwochen tou a gras ak yon viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Turk and Caicos pou yo rankontre Gwatemala. Sen Vensan e Grenadin pral woule balon lakay Kanada.

Nan Fort Lauderdale nan match amikal Honduras kale Kolonbi 2 a 1. Trinidad and Tobago remonte yon defisi pou l rache yon match nul 2 a 2 kont Jamayik nan Kinston. Bahamas fè match nul 1 a 1 ak zil Vyèj Britanik yo. Jamayik ap tann venkè match retou ant 2 ekip yo ki fikse pou 30 Mas pou 2 zièm eliminatwa koup du mond pou zòn KONKAKAF la.

An Eròp La Frans suprann Angletè ak yon viktwa 1 a 0 gras ak yon penalite Franck Ribery make nan 32 zièm minit premye mitan an nan moman David Beckham jwe 100 tièm rankont li pou angle yo. 80 mil fanatik asiste rankont la ki te dewoule nan stad de Frans nan alantou vil Pari.

Nan sa ki sanble repetisyon final 1958 la Brezil kale la Swèd 1 a 0 nan vil Lond-rankont la jwe nan okazyon 50 tièm anivèsè final la ki te jwe nan Stokholm 1958-yon koup du mond Brezil te ranpòte. Espay suprann Itali ak yon viktwa 1 a 0. Almay danse sou la Swis 4 a 0. La Oland remonte yon defisi 3 a 0 pou kale Otrich 4 a 3 nan vil Vyèn. Maròk wouze la Bèljik 4 a 1.

Nan lòt match amikal, Etazuni suprann Polòy ak yon viktwa 3 a 0. Meksik kale Gana 2 a 1. Danmak ak Republik Tchèk fè match nul 1 a 1. Belarusi fè match nul 2 a 2 ak Turki. Arjantin kale Ejipt 2 a 0. Afrik du Sud pilon-nen Paragwe 3 a 0. Seleksyon Olenpik Nijerya a kale Afrik du Sud 3 a 0 pou l kalifye pou je zolenpik yo. Perou danse sou Kosta Rika 3 a 1. Nan Karakas, Bolivi ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan seleksyon lokal la, Venezuela.

Responsab lig football zèpòl kare a anonse ouvètu sezon regulye fikse pou Jedi 4 Septanb lè chanpyon sòtan an New York Giant ap akeyi Washington Redskins.

Basketball

Jodi a semi final chanpyona basketball univèsitè yo ap rapousib nan 4 rejyon yo. North Carolina ap rankontre Washington State nan Charlotte pou rejyon Es la epi Tennessee ap rankontre Louisville. Nan rejyon Wès la ki jwe nan Phoenix Arizona UCLA pral mate balon fas a Western Kenturky avan Xavier boukante balon ak West Virginia. Lot semi final rejyonal yo ap rapousib demen Vandredi. Venkè semi final yo ap rankontre nan final Samdi ak Dimanch. Chanpyon chak rejyon ap kalifye pou semi final nasyonal la ki fikse pou semen pwochè n nan San Antonio Tekzas kote final la ap dewoule 7 Avril.

Boston Celtics vannen Phoenix Suns 117 a 97 gras ak 30 pwen Kevin Garnett make. New Orleans Hornets ranpòte yon viktwa de justès 100 a 99 devan Cleveland Cavaliers. Washington Wizards te fè anpil efò avan li kale Seattle Supersonics 104 a 99.

Basketè ameriken Chris Webber, kap jwe nan Golden State Warriors, anonse retrèt li apre 15 zan li pase nan lig la. Msye jwe nan 5 ekip diferan depi 1993 ane li te kòmanse karyè pwofesyonèl li nan nan NBA a.

Kous Otomobil

Responsab konpetisyon Rally Dakar la anonse yap retounen an Afrik apre pwoblèm ensekurite a rezoud. Responsab yo te anule edisyon 2008 la apre 4 touris franse te mouri nan Mauritani. Arjantin ak Chili ap akeyi edisyon 2009 la soti 3 pou rive 18 Janvye. Se pou la premyè fwa nan istwa konpetisyon an ki te kòmanse sa gne 30 tan ke lap dewoule sou yon lòt kontinan.

Cyclisme

Siklis kubem Lisandra Guerra ranpòte premye meday dò l nan chanpyona du mond siklis feminen kap dewoule nan Manchester. Bò kote mesye yo siklis britanik Bradley Wiggins defann tit li nan konpetisyon 4 kilomèt la devan Olandè Jenning Huizenga.

Atletisme

Kourè Slovèn Jolanda Ceplak resevwa yon suspansyon 2 zan apre li te teste pozitif pou dròg EPO. Ceplak ki gen 31 an se detantè rekò du mond an sal 800 mèt epi meday bronz je zolenpik Atèn yo, te teste pozitif pandan konpetisyon an plen èr Monako a an Jwen 2006. Slovèn nan demanti le te konsome dròg men federasyon atletis la, deside manmzèl te vyole règleman yo. Manmzèl ap rate je zolenpik yo.

Lond/ Je Zolenpik

Akeyolojis yo nan vil Lond dekouvri 4 skeleton nan sit Park Je Zolenpik Lond 2012 yo-youn pami yo sanble ekziste depi 3 mil an. Lòt objè ekspè yo jwen nan zòn nan se chodyè, yon pyès monè women-2 depo za’m ak debri yon bato

XS
SM
MD
LG