Accessibility links

Breaking News

Balon ap Woule nan Plizyè Kontinan Jodi a


Football

Balon ap woule jodi a nan plizyè kontinan dabò nan KONKAKAF nan kad Eliminatwa Mondyal 2010: Nan Trinidad Tobago jodi Montserrat ap rankontre Surinam nan yon eliminasyon dirèk. Zil Vyèj Ameriken yo pral lakay La Grenad. Aruba pral chache efase defèt 3 a 0 li te subi nan match ale a fas a Antigua e Barbuda.

An Chinn Kore du Nò fè match nul ak Kore du Sud nan kad match kalifikatif koup du mond la pou zòn Azyatik la. FIFA te deside jwe rankont la sou yon teren neut apre 2 pati yo pat antann yo sou drapo ak im nasyonal la pandan rankont la ki te dwe jwe an Kore du Nò. Nan lòt rankont Uzbekistan wouze Arabi Sawoudit 3 a 0 pandan ke Sengapour danse sou Liban 2 a 0.. Tailand ranpòte yon viktwa tou mens devan Oman nan Bangkok 1 a 0. La Chin fè match nul 0 a 0 ak Ostrali. Chinwa yo rate yon penalite nan fen tan reglemantè a.

Ayiti ap rankontre Ekwatè nan yon match amikal entènasyonal lakay Ekwatè--Nan okazyon an federasyon Ekwatè a kouvri frè transpò ak heberjman epi bay seleksyon an 10, 000 dola pèd ou gany.

Plizyè aktivite sou kontinan Eropeyen an kote Etazuni ap rankontre seleksyon nasyonal Polonè a nan Krakovi nan kad preparatif ameriken yo ap fè pou eliminatwa koup du mond Afrik du Sud la. 15 jwè pami 18 seleksyone yo ap evolye sou kontinan Eropeyen an. Almay ak la Swis pral boukante balon jodi a an Swis nan kad preparasyon 2 seleksyon yo ap fè pou koup dEròp dè Nasyon an. Yon tyè pami 21 seleksyone Swis yo ap evolye nan Bundersliga a--chanpyona premyè divizyon alman an.

Nan lòt rankont entènasyonal la Swèd pral mate balon kont Brezil nan vil Lond. An Frans Angletè ap rankontre la Frans. Antrenè Italyen Fabio Capello non-men Rio Ferdinand kòm kapitèn seleksyon an an atandan li deziye yon kapitè n definitif. Antrenè Capello bay garanti David Beckham, kap jwe nan Los Anjeles Galaksi ap jwe 100 tièm rankont li pou seleksyon an Angle a. Itali kont Espay nan yon lese frape ak 2 gwo zotobre football Eropeyen an.

Sou kontinan Afriken an Ejip ak akeyi Arjantin. Afrik du Sud ap akeyi Paragwe. Meksik kont Gana

13 zièm edisyon sezon MLS la ap demare weekend sa a ak patisipasyon 14 klub--7 nan chak konferans. Angle David Beckham ak kòmanse 2 zièm sezonn ak Los Anjeles Galaksi.

Cyclisme

Unyon Siklis Entènasyonal la anonse siklis Britanik Robert Hayles ak Olandè Pim Ligthart pap kapab patisipe nan chanpyona du mond siklis bab Manchester akoz anomali ki genyen nan tès san. Tès yo montre yon wo nivo selul wouj yo ki depase 50 pou 100 nivo maksimòm akseptab. Unyon Siklis la fè konnen li teste yon total 66 siklis ameriken, ostralyen, Olandè ak la Grand Bretay.

Komite òganizatè kous bisiklèt Tour de Frans la anonse chanpyon edisyon 2007 la espayòl Alberto Contador pap kapab patisipe nan edisyon 2008 la apre entèdiksyon ekip Astana a ap fè fas.

Londre /Olympics

Responsab spò Britanik yo anonse komite òganizatè je zolenpik Lond 2012 yo mete sou pye yon seri de tès sofistike ke yo pral fè sou mil 500 atlèt pandan je zolenpik yo ak paralenpik yo. Otorite yo di chak atlèt ap subi yon tès pou pipiti avan je yo kòmanse.

Basketball

San Antonio Spurs wouze Orlando Majik 107 a 97 gras ak 28 pwen Manu Ginobili make epi Michael Finley ajoute 24 pwen pou ede Spurs ranpòte 4 trièm viktwa afile. Dallas Marvericks suprann Los Anjeles Clippers ak yon viktwa 103 a 90 gras ak 32 pwen John Howard make pou Marvericks yo. New Orleans Hornets te fè anpil efò avan li kale Indiana Pacers 114 a 106. Atlanta Hawks tonbe devan Chikago Bulls 103 a 94 pandan ke Utah Jazz pilon-nen Charlotte Bobcats 128 a 106. Washington Wizards tonbe devan Portland Trail Blazers.

XS
SM
MD
LG