Accessibility links

Breaking News

24 Mas: Jounen Mondyal Tibèkiloz


Jodi lendi 24 mas la se jounen mondyal tibèkiloz. Espesyalis yo lanse apèl pou mande pou tout moun mete ansanm nan kanpay pou derasinen maladi pwatrinè. Malgre gen kèk ti pwogrè ki fèt nan ane ki pase yo pou kontwole epidemi an, Responsab pwogram TB nan Oganizasyon Mondyal Lasante a, Dr. Mario Raviglione, di lit la dwe kontinye paske maladi sa a ka gaye plis toujou si pwogram sante ak siveyans yo pa ranfose nan peyi pòv yo.

Gladys Lapierre, ki responsab yon pwogram sou maladi tibèkiloz nan Fondasyon CARE nan Pòtoprens, mande tout Ayisyen pote kole pou konbat maladi a.

Nou kapab tande deklarasyon n nan si nou fè klik sou ralonj ki anlè tèks la.

XS
SM
MD
LG