Accessibility links

Breaking News

Honduras Ranpòte Eliminatwa Final Je Zolenpik yo


Football

Honduras kale Etazuni 1 a 0 an pwolongasyon nan faz final KONKAKAF pou Je zolenpik yo. Etazuni ap Onduras te deja kalifye pou reprezante rejyon an nan je Zolenpik Peken 2008 yo. Kanada kale Gwatemala 5 a 3 pou l konsole l ak 3 zièm plas la apre tan reglemantè a te fini 0 a 0.

Venezuela kale el Salvador 1 a 0 nan kad yon match amikal 2 ekip yo jwe an preparasyon ak eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Salvador gen pou rankontre Mèkredi pwochen ak Anguila nan match retou zòn KONKAKAF la nan Washington.

Menm Mèkredi a Venezuela ap rankontre Bolivi nan yon lòt match amikal. Menm Mèkredi an la tè pral tranble an chin lè 2 kore yo pral boukante balon nan kad match kalifikatif koup du mond la. FIFA te deside jwe rankont la sou yon teren neut apre 2 pati yo pat antann yo sou drapo ak im nasyonal la pandan rankont la ki te dwe jwe an Kore du Nò.

Yon kout je nan diferan chanpyona Eropeyen an men-nen dabò an Espay kote FC Barselòn redui eka ki separe l ak lidè chanpyona a Real Madrid gras a yon swif 4 a 1 li pase Valladolid apre Real Madrid tonbe 3 a 2 devan Valans nan stad Santiago Bernabeu. Real Madrid, ki pèdu 5 pami 8 dènye rankont li jwe, gen 62 pwen nan moman manke 9 rankont pou sezon regulye a fini.

An Itali Juventus de Turen ki an 3 zièm pozisyon nan seri A a suprann lidè chanpyona a Inter de Milan ak yon viktwa 2 a 1 pou redui a 4 pwen ekar ki separe l ak AS Wom ki klase 2 zièm.Women yo kale Empoli 2 a 1. Viktwa 1 a 0 Milan AC ranpòte devan Torino mete l an 5 kièm pozisyon et toujou nan kous dèyè youn pami 4 plas kalifikatif pou lig dè chanpyon an.

An Angletè Manchester United okipe tèt klasman jeneral la ak 73 pwen swa 5 pwen davans apre li danse sou Liverpool 3 a 0. Chelsea kale Arsenal 2 a 1 pou l okipe 2 zièm pozisyon an. Ivwaryen Didier Drogba make 2 gòl nan viktwa a pou Chelsea. Nan moman manke 7 jounen pou chanpyona a fini Chelsea klase 2 zièm ak 68 pwen --yon pwen devan Arsenal.

Nan la Oland lidè chanpyona a PSV Eindhoven wouze Gronigen 3 a 0 pou l konsève pozisyonn ak 64 pwen devan Ajax Amsterda m nan moman manke 4 jounen pou chanpyona a fini.

An Almay Bayern de Munick ogmante distans li nan chanpyona Bundersliga a ak 7 pwen apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Bayer Leverkusen ki klase 3 zièm dèyè Hamburg SV apre yo fè match nul 1 a 1 ak Werder de Brem ki klase 4 trièm.

An Frans Olenpik de Lyon fè yon pa an avan nan direksyon pou l ranpòte chanpyona premyè divizyon franse a pou yon 7 tièm fwa afile gras ak yon rakle 4 a 2 li pase Pari Sen Jermen. Ak 64 pwen pou 30 rankont Olenpik de Lyon ap domine chanpyona a ak 9 pwen devan Gironden de Bordo ki pèdu 3 a 1 devan Valenciennes Samdi-defèt ki rann li difisil pou Bordo trape O.L. nan moman manke 8 jounen pou chanpyona a fini.

Mèkredi kap vini la a Etazuni gen pou rankontre seleksyon nasyonal Polonè a nan Krakovi nan kad preparatif ameriken yo ap fè pou eliminatwa koup du mond Afrik du Sud la. 15 jwè pami 18 seleksyone yo ap evolye sou kontinan Eropeyen an.

Almay ak la Swis pral boukante balon Mèkredi an Swis nan kad preparasyon 2 seleksyon yo ap fè pou koup dEròp dè Nasyon an. Yon tyè pami 21 seleksyone Swis yo ap evolye nan Bundersliga a--chanpyona premyè divizyon alman an.

Swedwa Zlatan Ibrahimovic, kap jwe nan Inter de Milan , pap kapab patisipe nan match amikal la Swèd gen pou jwe kont Brezil nan vil Lond Mèkredi akoz yon pwoblèm nan pye. Rade Prica, kap jwe nan Sunderland, ap ranplase Ibrahimovic. Michael Dorsin resevwa envitasyon an nan plas Erik Edman ki gen yon pwoblèm ligaman.

Angletè gen pwoblèm apre yon 2 zièm gadyen pap kapab patisipe nan match amikal yo gen pou jwe kont la Frans Mèkredi a. David Beckham, kap jwe nan Los Anjeles Galaksi se sèl jwè angle ki figure sou lis 23 jwè kap evolye nan yon chanpyona etranje. Bechkam, ap chache jwe 100 tièm rankont li pou seleksyon an Angle a. Bechkam menm gen supò kèk jwè nan seleksyon an pou l ta pote brasa kapitèn seleksyon an ki elimine nan Ero 2008 la.

Natasyon

Najè franse Alain Bernard bat yon nouvo rekò nan kous 50 mèt naj lib la pou yon 3 zièm fwa nan chanpyona Eropeyen an. Msye bat 2 rekò nan kous 100 mèt la Vandredi ak Samdi.

Tennis

Jwè tenis Sèb yo fè koukouwouj nan tounwa tenis Pacific Life la ki tap dewoule nan Indian Wells an Kalifòni. Novak Djokovic te bezwen 3 manch pou l kale ameriken Mardy Fish 6-2, 5-7, 6-3 pou l ranpòte tit tounwa a. Ana Ivanovic kale Rus Svetlana Kuznetsova 6-4, 6-3 pou l ranpòte kategori meda m yo.

Basketbal

Chanpyona basketbal univèsitè yo kontinye ap bay supriz apr Davidson elimine Georgetown 74 a 70 yè Dimanch la pou l pase nan 8 tièm de final la. Tennessee te bezwen pwolongasyon pou l kale Butler 76 a 71. Villanova wouze Siena 84 a 72. Nan braket sud la Memphis te fè anpil efò avan li kale Mississippi State 77 a 74. Nan rejyon Es la North Carolina pilon-nen Arkansas 108 a 77. Oklahoma tonbe devan fas anba devan Louisville 78 a 48. Miami Florida pèdu devan Tekzas 75 a 72 pandan ke Western Kenturky danse sou San Diego 72 a 63.

Golden State Warriors te fè anpil efò pou l kale Los Anjeles Lakers 115 a 111 malgre yo tap men-nen 26 pwen davans. Allen Iverson make 36 pwen, Carmelo Anthony ajoute 33 pwen pou pèmèt Denver Nuggets ranpòte yon viktwa tou mens 109 a 100 a devan Toronto Raptors. Washington Wizards ranpòte 3 zièm viktwa afile l pou l kale Detroit Pistons 95 a 83. San Antonio Spurs kale Dallas Marvericks 88 a 81.

Olenpik/ Torch Relè

Militan ki an favè dwa gran moun Tibè mande komite Olenpik Entènasyonal la pou anule pasaj flanbo olenpik la tap fè nan teritwa a. Demand sa a fèt menm jou seremoni limen Flanbo dewoule nan Olenpia an Grès. Pandanstan la polis ap patrouye teritwa tibeten an pou evite machann dezagreman pa gate evenman an.

XS
SM
MD
LG