Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Resevwa 3 Lidè Rejyon Karayib la nan La Mezon Blanch Jedi 20 Mas 2008 la


Isit Washington, Prezidan George W. Bush resevwa nan la Mezon Blanch 3 lidè rejyon Karayib la (Premye minis Bahamas, Lababad ak Beliz) nan aprè-midi jounen jedi 20 mas 2008 la. Nan rankont misye Bush fè ak laprès aprè chita-tande a, li di li dispoze kontinye yon politik bon vwazinaj ak peyi karayib yo, travay avèk yo pou sekirite rejyon an epi ranfòse relasyon komèsyal ki egziste ant Karayib la ak Lèzetazini. Premye minis Bahamas la, Hubert Ingraham, ki te pran lapawòl nan non 2 kòlèg li yo (David Thompson pou Lababad ak Dean Barrow pou Beliz) fè konnen youn nan souwè lidè rejyonal yo, se pou Lèzetazini ta pwolonje aplikasyon lwa ki te tabli Inisyativ Basen Karayib la (The Caribbean Bassin Initiative), swa yon pwogram echanj komèsyal Lèzetazini te lanse nan kòmansman ane 80 yo e ki pèmèt 19 peyi nan Karayib la voye vann kèk pwovizyon sou mache ameriken an san yo pa peye ladwann.

Pou w koute repòtaj VOA sou rankont Prezidan Bush ak 3 lidè rejyon Karayib la, klike sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG