Accessibility links

Breaking News

Yon Lidè OPL Deklare Li Gen Gwo Kèsote Devan Sitiyasyon Ekonomik la nan Peyi Dayiti


Nan peyi Dayiti, youn nan lidè OPL yo, ansyen Premye Minis Rhony Smart, fè konnen li genyen kè-sote devan difikilte ekonomik popilasyopn an ap konfwonte. Misye Smart --ki t ap vizite Depatman Sid la-- lanse apèl bay gouvènman Preval-Alexis a pou mande l pran dispozisyon ki pi pratik pou l bay pèp la yon soulajman. Jean Ernst Eliscar ban nou detay depi vil Okay.

Yon lòt kote, nan moman Repiblik Dominikèn ap pare l pou eleksyon jeneral nan dat 16 me pwochen an, otorite dominiken yo kontinye voye tounen ann Ayiti sitwayen peyi sa a k ap viv ilegalman sou tè panyòl. Jean-Piere Leroy fè yon entèvyou avèk Colette Lespinasse, yon militan dwa moun ki eksplike reson ki fè otorite dominiken yo ap aji konsa a.

Fè klik sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG