Accessibility links

Breaking News

Kantite Patisipan nan Koup du Mond Feminen an pap Chanje


Football

Federasyon Entènasyonal Foutbòl-la FIFA anonse Chanpyona du mond Foutbòl Feminen an ki pral dewoule an Almay-la ap rete ak 16 ekip pou kenbe kalite konpetisyon-an , selon responsab-yo. Konsa FIFA rejte yon pwopozisyon pou-l te ogmante kantite peyi-yo a 24 nan 3 zan. Rezon: sè ke gen twòp diferans ant peyi-yo lè wap gade nivo foutbòl-la. Yon pwopozion 20 peyi tou tonbe akoz pwoblèm pou fòmasyon gwoup-yo.

Nan lig Chanpyon-an : Nap genyen dabò yon somptueux Manchester United ak As Wom .Nap gen apre sa yon duèl fratriside ant 2 klub anglè : Arsenal kont Liverpool. Tiraj-o-sò sa-a fè ke Barsa epaye Barselòn : Ki donk , FC Barselòn ap rankontre Shalke 04 ; Tchelsi kont Fenerba . Match ale a fikse 1er e 2 avril epi match retou a pou 8 e 9 avril. Venkè yo ap kalifye pou semi final la.

Nan Koup UEFA-a, Bayern de Munik ap rankontre ak Getafe an kar de final. Lt̀ afich-yo : Fiorentina kont PSV Eindoven; Bayer Leverkussen kont Zenit Saint-Petersbourg ; Epi Klub footbal Ekosè Glasgow Rangers ki pèdu 1 a 0 devan Werder de Brem kalifye kan menm kote-l pral jwe kont Sporting Lisbòn. Rande-vou pou 3 avril pou match ale-yo ...e match retou-yo fikse pou semèn apre-a.

Jodi a nan Karson an Kalifòni chanpyona a ap kontinye lè Ayiti ap jwe kont Kanada epi Gwatemala kont Meksik nan premye tou eliminatwa je zolenpik pou zòn KONKAKAF la.

Yè swa Etazuni ranpòte yon viktwa 1 a 0 fas a Panama nan group A kap jwe nan Tampa Florid. Freddy Adu make gòl ameriken yo sou yon penalite nan fen premye mitan an. Nan lòt rankont, Honduras kalifye pou semi final la apre viktwa 2 a 0 li ranpòte sou Kuba ki tap jwe a 10 jwè. Pou kounye a 7 jwè seleksyon kuba a sove kite delegasyon an.

Nouvèl ki soti an chin fè konnen federasyon football peyi a sugjere revokasyon antrenè seleksyon feminen an nan kad efò kap fèt pou remanbre seleksyon ki pral patisipe nan je zolenpik yo. Federasyon an kite pòt la louvri pou kenbe antrenè franse a nan pòs li juskaprè Je Zolenpik yo.

Responsab yo sugjere pou job la ta al jwen antrenè Sèb Bora Milutinovic ki te antrene seleksyon nasyonal maskulen ki te patisipe nan koup du mond 2002 a. La Chin sot fini an 9 vièm plas nan dènye edisyon koup Algarv la ki sot dewoule nan Portugal.

Ciclisme

Siklis espayòl Carlos Barredo ranpòte 5 kièm etap kous bisiklèt Pari/Nis la men siklis olandè Robert Gesink toujou nan tèt klasman jeneral la ak yon total 32 sekond nan moman manke 2 etap pou kous la fini.

Basketbal

Washington Wizards suprann Cleveland Cavaliers ak yon viktwa 101 a 99 gras ak 19 pwen Caron Butler make. Phoenix Suns wouze Golden State Warriors 123 a 115. Sacramento Kings pilon-nen Portland Trail Blazers 122 a 85 gras ak 22 pwen Ron Artest make

XS
SM
MD
LG