Football
Ayiti tonbe 1 a 0 fas ak Gwatemala nan group B faz final je zolenpik yo kap dewoule nan Karson an Kalifòni. Kanada fè match nul 1 a 1 ak Meksik. Jodi a tounwa a ap rapousib nan Tampa Florid lè Honduras pral bounkante balon fas a Kuba Panama kont Etazuni.
Responsab football Ekwatoryen yo konvoke Andonio Valencia ak Felipe Caicedo ki baze an Eròp, pami 24 jwè ki pral fè pati seleksyon nasyonal ki pral rankontre Ayiti nan kad yon match chofe jarèt kap jwe nan Kito mwa sa a. 2 ekip yp ap pare pou eliminatwa koup du mond football nan zòn respektif yo.
Seleksyon nasyonal Meksik la gen pou patisipe nan yon seri de match amikal isit Ozetazuni kont la Chin, Arjantin ak Perou nan kad preparatif yap fè pou eliminatwa koup du mond la. Meksiken yo ap rankontre la Chin nan Seattle 16 Avril. Arjantin nan San Diego le 4 Jwen, Peru nan Chikago le 8 Jwen. Meksiken yo ap kòmanse kanpay koup du mond la 14 ou 15 Jwen lakay Beliz ou byen Sen Kitts and Navis. Meksiken yo ap jwe 2 lòt match amikal toujou Ozetazuni 24 Septanb e 12 Novanm.
Pandanstan Arjantin ap negosye pou l jwe yon match chofe jarèt kont Etazuni pandan mwa Jwen an nan New Jersey.
FIFA aprouve kalandriye ak prim koup konfederasyon pou tounwa 2009 la an Afrik du Sud--ki reprezante yon avan gou koup du mond Football 2010 la. Prezidan FIFA a Sepp Blatter deklare jodi a nan vil Zurik tounwa a, kap demare 14 Out 2009, ap reprezante yon tès ideyal an preparasyon koup du mond la.
Peyi patisipan yo se Irak kap reprezante kontinan azyatik la, Ejipt pou kontinan Afriken an, Etazuni pou zòn KONKAKAF la, Brezil pou Amerik du Sud. An plis de reprezantan sa yo gen chanpyon du mond la Itali ak òganizatè koup du mond la Afrik du Sud ki kalifye otomatikman.
Si Itali ta ranpòte koup dEròp la eh byen peyi ki klase 2 zièm nan ap kalifye. Dapre nouvo règleman yo venkè konpetisyon an ap resevwa 3 milyon 750 mil dola. Peyi ki klase 2 zièm nan ap reservwa 3 milyon 125 mil dola. 3 zièm nan ap resevwa 2 milyon 375 mil dola epi peyi ki fini 4 trièm nan ap ranmase 2 milyon 250 mil dola. Peyi ki klase 5 kièm juska 8 tièm plas la ap resevwa yo chak 1 milyon 400 mil dola.
Medya ameriken yo rapòte 5 jwè seleksyon nasyonal olympic Kuba fonn tankou bè apre match nul seleksyon an fè ak Etazuni Madi swa. Jounal Miami Herald rapòte youn pami jwè yo te telefone jounal la pou l di li menm ansanm ak lòt footballè yo te deja planifye pou kraze rak yon fwa yo debake Ozetazuni kote yap chache azil politik. Sovadò yo se kapitèn seleksyon an Yenier Bermudez, gadyen an Jose Manuel Miranda, Erlys Garcia Baro, Yordani Alvarez ak Loanni Prieto.
DC United fè match nul 1 a 1 ak klub Jamayiken Habour View yè swa nan Kingston Jamayik nan kar de final chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon ki dewoule yè nan Jamayik. Houston Dinamo, yon löt klub ameriken fè match nul 0 a 0 ak CSD de Gwatemala nan stad San Mateo Flores la. Match retou a fikse pou semen pwochèn nan
Klub football alman Bayern de Munik ranpòte yon viktwa tou mens 2 a 1 fas ak klub Bèlj Anderlecht pou l pase nan kar de final koup Unyon Football Eropeyen an. Bayer Leverkusen, yon lòt klub alman, kalifye pou kar de final malgre yon pèdu 3 a 2 devan Hamburg SV. Tiraj osò a fikse pou demen Vandredi.
Chine/ Olympic
Otorite chinwa yo anonse nouvo règleman pou ogmante mezu sekurite nan konpayi ayeryèn ak transpò avan dewoulman je zolenpik yo. Yon deklarasyon ki publiye sou sit entènèt responsab sèvis ayeronotik yo fè konnen yap louvri tout valiz, sachè pasaje yo. Responsab yo anonse entèdiksyon likid abò vòl nasyonal yo. Sepandan responsab yo pa gen eksepsyon menm pou pasaje ki peye yon frè kapab jwi privilèj pou yo subi yon trètman privilejye.
Responsab komite olenpik Grèk la fè konne tòch olenpik la ap limen nan ansyen Olenpya ke dife te ravaje ane pase. Flanbo a ap limen 24 Fevriye avan li kòmanse yon relè 137 mil kilomèt avan li rive nan seremoni douvètu a le 8 Out. Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la Jacques Rogge ak prezidan Grèk la Karolos Papoulias kapab patisipe nan seremoni an. Meday darjan olenpik Grèk Alexandros Nikolaidis se premye atlèt kap kòmanse relè a avan yon renmèt flanbo a bay responsab chinwa yo nan stad Olenpik Atè n nan
Basketball
Rezulta kèk pami rankont ki jwe yè swa. Houston Rockets ranpòte 20 tièm viktwa afile l nan lig la apre yo kale Atlanta Hawks 83 a 75. Los Anjeles Clippers fè bèk atè devan Orlando Majik 110 a 88. Boston Celtics pilon-nen Seattle Supersonics 111 a 82.. Utah Jazz ranpòte yon viktwa tou mens devan Milwaukee Bucks 114 a 110. New York Knicks ranpòte yon viktwa de justès devan Miami Heat 91 a 88.