Accessibility links

Breaking News

Etazuni ap Akeyi Semen Pwochèn nan Faz Final KONKAKAF la


Football

3 vil ameriken ap akeyi debu semen pwochèn nan faz final eliminatwa Je zolenpik yo kategori maskulen ak patisipasyon 8 peyi pami yo Ayiti. Tounwa a divize an 2 group de 4 ap demare soti 11 pou rive 16 Mas.

Nan Tampa Florid nou jwen group A a ki gen ladann Kuba, Onduras, Panama ak Etazuni. Group B a ap jwe nan Carson an Kalifòni ak patisipasyon Meksik, Kanada, Gwatemala ak Ayiti.

Se premye fwa seleksyon olenpik ayisyen an ap patisipe nan yon faz final kalifikatif rejyonal ak espwa pou yo jwen youn pami 2 plas ki disponib pou zòn KONKAKAF la. Ayiti ap jwe premye rankont li kont Gwatemala le 12 Mas avan li rankontre Kanada le 14 Mas epi Meksik le 16 Mas.

Fanatik Real Madrid yo leve ak dlo nan je yo maten an apre AS Wòm elimine ekip la nan 8 tièm de final ak yon viktwa 2 a 1 nan Santiago Bernabeu an Espay. Chelsea pat gen pwoblèm pou l kalifye apre li pilon-nen klub Grèk Olempyakos 3 a 0. Shalke 04 elimine sou tir de penalite FC Porto 4 a 1 apre pwolongasyon an te fini 1 a 1.

Apre rankont yè Mèkredi a 4 ansyen chanpyon Eropeyen kanpe nan wout pandan 8 tièm de final la. Real Madrid, FC Porto, Milan AC ak Celtic Glasgow. Eliminasyon ki louvri wout la pou Manchester United ak FC Barselòn pwofite pou ta ranpòte trofe a ane sa a. Dènye match 8 tièm de final la ap jwe ant Liverpiil ak Inter de Milan 11 Mas. Tiraj osò pou kar de final la fikse pou 14 Mas.

Konfederasyon Football Amerik du Sud la fè konnen yap kore apèl Bolivi pral fè pou FIFA aksept yo jwe rès match kalifikatif koup du mond a domisil nan La Paz malgre entèdiksyon pou match entènasyonal pa dewoule nan wotè ki pa depase 2 mil 750 mèt. FIFA pral fè deba sou sujè a le 14 Mas. La Paz trouve l sou yon tèt mòn 3 mil 600 mèt ak nivo lanmè a.

Gen posibilite pou seleksyon football ameriken jwe yon match chofe jarèt fas a Angletè nan stad Wembley a le 28 Me. Direktè Teknik seleksyon nasyonal Franse a Gerard Houllier mande 3 vedèt football franse pou reziste òf klub etranje ap fè yo epi kontinye pran fòm nan peyi yo. Msye Houllier kwè se tap yon erè si 3 jè n footballè sa yo ta chwazi al jwe nan yon seri de klub rich Eropeyen.

Basketball

Lebron James make 50 pwen ak 10 pas ki make pwen nan rakle Cleveland Cavaliers pase New York Knicks 119 a 105. Nan Houston Rockets yo ranpòte 16 zièm viktwa afile yo apre yo tronse Indiana Pacers 117 a 99. Boston Celtics tounen premye ekip ki kalifye pou faz final la gras ak yon viktwa 90 a 78 li ranpòte devan Detroit Pistons. Washington Wizards tonbe devan Orlando Majik 122 a 92. Denver Nuggets, Hornets, Utah Jazz, Toronto Raptors, Memphis Grizzlies, Charlotte Bobcats ak Los Anjeles Clippers yo tout ranpòte la viktwa.

Vedèt basketball Dallas Marvericks la Dirk Nowitzki ap rate match enpòtan aswè a kont archi rival Houston Rockets ki sot ranpòte 16 zièm viktwa afile l. NBA suspann basketè alman an pou yon match san salè apre fot li te komèt kont basketè rus Andrei Kirilenko kap jwe nan Utah Jazz. CN

Atletisme

Detantè rekò du mond Atletis feminen Britanik Paula Radcliffe pap patisipe nan maraton Lond la ankò akoz yon blesu nan zòtèy. Radcliffe espere lap gen tan geri pou l patisipe nan je zolenpik yo an Out pwochen.

Tennis

Numewo 5 tenis mondyal la Rus Nikolay Davydenko kalifye pou semi final tounwa tenis Dubai la gras ak yon viktwa an 2 manch li ranpòte devan britanik Andy Murray 7-5, 6-4. Davydenko pral rankontre nan semi final la fas a espayòl Feliciano Lopez ki wouze ak kout rakèt David Ferrer 6-4, 6-3. Lòt kalifye a se ameriken Andy Roddick ki suprann numewo 2 mondyal la espayòl Rafael Nadal ak 2 kout rakèt 7-6, 6-2. Venkè tounwa a ap foure nan pòch li 300 mil dola.

Je Zolempik

Kapitè n meteyo chinwa a predi lap fè bon tan nan ouvètu je zolenpik Peken 2008 yo pandan li fè konnen presyon ap ekzèse sou li pou prediksyon yo pi prè la verite posib.

XS
SM
MD
LG