Accessibility links

Breaking News

Funeray Nasyonal Emmanuel Sanon Chante Jodi a


Football

Se jodi a funeray vedèt football ayisyen Manno Sanon ap chante nan stad Silvio Cator an prezans fanmi l, fanatik ak ansyen kòlèg li ki te fè pati seleksyon 1974 la. Se nan anbyans kanaval Jounalis Clarens Renois te entrodui envite yo.

Seleksyon football feminen ameriken wouze la Chin 4 a 0 pandan ke Danmak suprann Almay 1 a 0 nan match douvètu tounwa Koup Algarv la kap dewoule nan Pòtugal. Tounwa a ap sèvi kòm yon tounwa chofe jarèt avan je zolenpik Peken yo. Irland kale la Polòy 2 a 0 nan group C a.

Etazuni gen pou rankontre Itali Vandredi avan li rankontre la Novèj Dimanch. Nan group C a gen ladann Iceland, Irland ak òganizatè konpetisyon an Portugal. Group A gen Almay, Swèd, Danmak ak Findland. Gwatemaltèk Carlos Luis make 3 gòl pou ede Los Anjeles Galaksi kale Shangai-Hong Kong United nan kad toune klub ameriken an ap fè sou kontinan Azyatik la. Galaksi te pèdu 2 a 1 fas a yon klub Koreyen Samdi pase.

Yon responsab wo plase nan komite òganizatè koup du mond Afrik du Sud la prezante ekskuz li pou kòmantè rasyal dwat-e-goch li fè kont moun nwa--pwopo ki te konn sèvi pandan periòd aparteid la. Irvin Khoza di se pa entansyonn pou l te louvri blesu viktim periòd la nan kòmantè li te fè. Avèk eskuz la responsab espere dosye a fèmen kounye a.

8 tièm de final la ap rapousib jodi a lè Real Madrid ap rankontre AS Ròm. Madrilè n yo bezwen yon viktwa pou l efase defèt 2 a 1 li te subi nan match ale a. Shalke 04 bezwen yon viktwa ak 2 bu dekar lè li pral lakay FC Porto. Chelsea ap akeyi Olympiakos. 2 ekip yo te fè match nul 0 a 0 nan match ale a.. Inter de Milan ak Liverpool gen pou rankontre 11 Mas nan San Siro akoz règleman yo pa pèmèt 2 rankont football jwe youn apre lòt nan menm stad.

Jwa ak tristès lakay fanatik football yo apre match retou 8 tièm de final lig dè chanpyon Eropeyen an ki jwe yè swa. FC Barselòn pase nan kar de final la apre viktwa 1 a 0 li ranpòte devan Celtic Glasgow. Milan AC kanpe nan wout apre defèt 2 a 0 yo subi nan San Siro devan Arsenal. Christiano Ronaldo make gòl nesesè ki pèmèt Manchester United kapote klub franse Lyon nan chanpyona apre 2 ekip yo te fè match nul 1 a 1 nan match ale a. Klub Turk Fenerbahce te oblije ale nan penalite pou l elimine klub espayòl FC Seville 3 a 2 apre yo te fini a egalite 5 a 5 apre 2 pwolongasyon.

Cyclisme

Unyon Siklis Entènasyonal la fè konnen siklis ki patisipe nan kous bisiklèt Pari/ Nis la semen pwochè n nan ap kouri risk pou yo tonbe anba suspansyon, amand ak entèdiksyon pou yo pa patisipe nan je zolenpik la ak chanpyona du mond siklis. Unyon Siklis entènasyonal la enfòme pati konsène yo ke yo kapab peye yon amand juska 9 mil 600 dola ak yon suspansyon ki pap depase 6 mwa.

Basketball

Kèk pami match kap dewoule aswè a nan NBA a Washington Wizards ap akeyi Orlando Majik. Indiana Pacers pral lakay Houston. New York Knicks ap akeyi Cleveland Cavaliers. Duel ant Sakramento Kings kont Los Anjeles Clippers.

San Antonio Spurs ranpòte 10 zièm viktwa l nan NBA apre swif 81 a 70 li pase New Jersey Nets yè swa. Kobe Bryant make 34 pwen nan viktwa 117 a 105 Los Anjeles Lakers pase Sakramento Kings. Seattle Supersonics tonbe devan Detroit Pistons 100 a 97. Lòt ekip ki ranpòte la viktwa yè swa se Phoenix Suns, Orlando Majik, Golden State Warriors, Charlotte Bobcats ak Chikago Bulls.

XS
SM
MD
LG