Accessibility links

Breaking News

Premyè Dam Amerikèn nan Pral Vizite Ayiti Mwa Sa a


Pòt-pawòl Mezon Blanch la, Dana Perrino, anonse ke Premyè Dam Etazini an, Laura Bush, pral vizite Ayiti nan dat 13 mas pwochen an. Pandan vizit sa a, Madan Bush pral vizite yon sant k'ap travay kont VIH-SIDA.

Nan peyi d Ayiti, yon delegasyon palmantè ayisyen rankontre Premye Minis Jacques Edouard Alexis. Korespondan nou Rotchild François Jr. di nou rankont sa a dewoule nan moman msye Alexis ap pare pou l fè yon pase men nan Kabinè a.

Yon lòt kote, gouvènman ayisyen an kontinye ap inogure tribinal nan peyi a, gras ak finansman lokal ou entènasyonal, dapre Minis Jistis la. Korespondan nou nan vil Sen Mak, Galilée Périlus, gen detay.

Anfen, yon òganizasyon ameriken ap patisipe nan amelyorasyon sistèm edikasyon Ayiti a. Devlopman nouvèl sa a ak korespondan nou nan vil Mirbalè, Jn-Christophe Collègue.

XS
SM
MD
LG