Cyclisme
Unyon Siklis Eropeyen an mande federasyon siklis franse a pou mete fen nan diskusyon li genyen ak Unyon Siklis Entènasyonal la ki menase kous bisiklèt Pari/ Nis la. Delege yo vote pou federasyon siklis franse a abandone otorite l. Federasyon siklis franse antre nan yon lese frape vèbal ak Unyon siklis entènasyonal la sou òganizasyon Pari / Nis la e menm Tour de frans la.
Basketball
Chapit NBA-a pou kòmanse : Responsab yo nan Houston Rockets fè konnen operasyon Yao Ming subi yè Lendi a reyusi. Vedèt chinwa a ap rate rès sezon an ak posibilite pou l rate je zolenpik yo Peken yo. Epi nan match yè swa-yo : Utah Jazz fè yon efò dènye minit pou l kale Dallas Marvericks 116 a 110. New Orleans Hornets van-nen New York Knicks 100 a 88.
Tenis
Nan tounwa Doubay-la , espayòl Raphael Nadal kalifye pou 2e tou apre viktwa-l sou alman Philipp Kohlschreiber . Nadal pèdu premye sèt-la anvan-l pase vitès superyè-a pou-l ranbpòte 2 lòt sèt . Skò final 2 sèt a 1 : 3-6, 6-1, 6-4. Avan sa-a, tchèk Tomas Berdych te kale fransè Gael Monfils an 2 sèt : 6-3, 6-2. Lòt kalifye: bèlj Olivier Rochus, fransè Paul Henri Matthieu ak espayòl Feliciano Lopez.
Football
Konfli ant federasyon football Espayòl ak gouvènman pran yon lòt dimansyon apre Konsèy Spòtif Espayòl di federasyon pa pi wo la lwa--Konsèy la mande federasyon pou l òganize eleksyon disi 31 Mas olye de Novanm tankou yo ta renmenn. Federasyon dakò pou l òganize eleksyon antisipe men apre Koup dEròp dè nasyon an. FIFA deja pale pou l di federasyon football espayòl kapam tonbe anba suspansyon akoz de entèvansyon gouvènman an. Sa ta vle di ni klub ni seleksyon an pap kapab patisipe nan oken tounwa football entènasyonal--si sa fèt Irland du Nò tap ranplase seleksyon Espayòl la nan koup dEròp la.
Epi nan yon ti moman la-a , se pral bouyon boul nan Lig Chanpyon-an. Nou envite-w suiv 4 match retou nan faz dechoukaj la. FC Barselòn kont Celtic Glasgow. Barsa bezwen yon match nul pou- kalifye pou kar de final. Seville, yonlòt klub espayòl an difikulte lè lap rankontre ak Fenerbace ki te kale-l nan match ale-a . Milan AC pa ta dwe gen pwoblèm pou l pase nan kar de final lè yap akeyi klub Angle Arsenal. 2 ekip yo fè match nul 0 a 0 nan match ale a. Manchester United, ki te rachte yon match nul nul 1 a 1 fas ak klub franse Lyon bezwen yon viktwa. Minis Enteryè Sèb la lanse yon manda darè dèyè prezidan federasyon Sèb la anba akuzasyon abu d pouvwa