Accessibility links

Breaking News

Balon ap Woule Demen Madi a an Eròp


Football

Balon pral woule demen Madi a nan Lig dè chanpyon Eropeyen an ak 4 match retou nan faz dechoukaj la. FC Barselòn bezwen yon nul lè lap vizite klub ekosè Celtic Glasgow si l vle kalifye pou kar de final la. Barselòn te ranpòte match ale a 3 a 2.

Seville, yon lòt klub espayòl, dwe efase defèt 3 a 2 li te subi devan klub Turk Fenerbace. Seville bezwen yon viktwa ak gòl diferans. Milan AC pa ta dwe gen pwoblèm pou l pase nan kar de final la gras ak prezans brezilyen Kaka, Alessandro Nesta ak Andrea Pirlo, lè yap akeyi klub Angle Arsenal. 2 ekip yo fè match nul 0 a 0 nan match ale a.

Manchester United, ki te rachte yon match nul nul 1 a 1 fas ak klub franse Lyon bezwen yon viktwa.

Otorite FIFA yo omologue ameriken Landon Donovan kòm meyè butè seleksyon ameriken an yon mwa apre Donovan te make gòl ki te pèmèt li depase Eric Winalda. Donovan te make yon gòl nan viktwa 3 a 1 Etazuni te ranpòte devan Danmak pou mete l a 35 gòl.

Finalman apre plis pase yon mwa ap tann responsab football Iranyen yo nonmen ansyen footballè peyi a Ali Daei kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal la. Iranyen te swete jwen sèvis espayòl Javier Clemente men negosyasyon yo te echwe apre espayòl te ensiste pou l rete nan peyi donk pou l antrene seleksyon an par korespondans. Daei jwe 109 rankont pou seleksyon nasyonal la.

Komite òganizatè koup du mond Afrik du Sud la aksepte demisyon direktè komunikasyon ak relasyon entènasyonal Tumi Makgabo. Demisyon an rive nan moman nouvèl yo rapòte yon van divizyon kap soufle an dedan komite òganizatè a. Sekretè Jeneral FIFA a gen pou patisipe nan yon reyunyon komite òganizatè a ap òganize demen Madi a.

Federasyon Football Espayòl la refuze òganize eleksyon antisipe malgre presyon gouvènman an. Gouvènman an te mande tout federasyon ki pa gen anyen pou wè ak je zolenpik yo pou òganize eleksyon avan dewoulman konpetisyon Peken an--yon desizyon si l fè kapab tonbe anba sanksyon FIFA. Federasyon football espayòl la pèdu aksyon nan tribunal li pran kont gouvènman an

Je Zolenpik

Òganizatè Je Zolenpik 2012 yo nan vil Lond seleksyon plis pase 600 enstalasyon spòtif nan tout la Grand Bretay ki kapab sèvi kòm kan dantrenman pou atlèt peyi patisipan yo. Responsab yo di enstalasyon yo pral pèmèt patisipasyon nan reyalizasyon je yo. Vil Lond ki gen sèlman 96 enstalasyon spòtif. Peyi kap patisipe nan je zolenpik Peken yo ane sa a ap resevwa lis la pou ede yo kòmanse prepare pou konpetisyon an.

Basketball

Kobe Bryant make 52 pwen nan viktwa tou mens Los Anjeles Lakers ranpòte devan Dallas Marvericks 108 a 104 an pwolongasyon. San Antonio Spurs ranpòte 9 vièm viktwa afile l apre yo kale New Jersey Nets 93 a 83. Houston Rockets ranpòte 15 zièm viktwa afile l gras ak yon rakle li pase Denver Nuggets 103 a 89. Lebron James make 37 pwen nan viktwa 95 a 86 Cleveland Cavaliers ranpòte devan Chikago Bulls.. Washington Wizards pilon-nen New Orleans Hornets 101 a 84.

Antrenè Duke Univèsite a Mike Krzyzewski ranpòte 800 tièm viktwa l nan karyè l apre blue Devils yo ranpòte yon viktwa de justè devan N C State 87 a 86,. Univèsite Maryland pèdu 73 a 70 fas a Wake Forest ki make yon 3 pwen kèk sekond avan fen tan reglemantè a. Texas tonbe devan Tekzas Tech 83 a 80

Tennis

Bèlj Steve Darcis kale Swedwa Robin Soderling 6-3, 7-6 pou l ranpòte tounwa tenis Morgan Keegan nan ki tap dewoule nan Memphis Tennessee.

Espayòl Nicolas Almagro suprann arjanten David Nalbadian pou l ranpòte tounwa tenis Open Meksiko yo ki tap dewoule nan Acapulco. Italyen Flavia Pennetta kale franse Alize Cornet pou l ranpòte kategori feminen an.

Atletisme

Kourè Rus Tatiana Aryasova ranpòte maraton Los Anjeles la ak yon prim 100 mil dola.

XS
SM
MD
LG