Accessibility links

Breaking News

Tansyon an Monte Ant Kolonbi Ak Venezuela:Prezidan Venezelyen Hugo Chavez Voye Solda Sou Fwontye Venezuela Pataje ak Kolonbi a


Prezidan Venezuela a, Hugo Chavez, pase fòszame venezuelyen yo lòd pou yo deplwaye sòlda sou fwontyè ki separe peyi li ak Kolonbi apre lame kolonbyèn nan vyole espas aeryen Ekwatè pou l' al atake rebèl Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi yo (FARC, an franse). Msye Chavez deklare dimanch 2 mas la aksyon lame kolonbyen an mete rejyon Amerik Di Sid la tou pre yon afwontman militè. Msye Chavez fèmen tou anbasad Venezuela a nan Bogota(kapital Kolonbi) e l' konvoke tout diplomat li yo Caracas, eksepte reprezantan komès la ki rete nan anbasad la.
Kolonbi deklare operasyon militè li lanse sou yon kan rebèl FARC yo nan Ekwatè samdi premye mas 2008 la se yon zak lejitim defans. Lidè rebèl e pòtpawòl Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi yo, Raul Reyes, mouri nan bonbadman aviasyon kolonbyen an. Minis defans kolonbyen an, Juan Manuel Santos, di jounalis yo pandan yon konferans pou laprès Fòszame Kolonbyen yo te bonbade yon kan FARC nan Ekwatè e'l te voye sòlda tou nan peyi sud-ameriken an. Santos presize 17 rebèl ak yon sòlda pèdi lavi yo pandan operasyon an. Lanmò Reyes (59 ane) parèt tankou yon viktwa pou prezidan kolonbyen an, Alvaro Uribe, ki anba gwo presyon kominote entènasyonal la pou l' "soulaje" yon ti kras konfli manch long avèk FARC yo.

Gouvènman kolonbyen tap negosye yon boukantay rebèl ki nan prizon nan Kolonbi kont otaj Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi yo kenbe. Mèkredi 27 fevriye 2008 la rebèl yo libere 4 otaj ke yo te remèt otorite venezuelyen yo. Dapre kèk estimasyon, FARC yo ta kenbe omwens 750 moun kòm otaj nan kachèt yo genyen nan "jungle" (rak bwa) kolonbyen yo.

XS
SM
MD
LG