Accessibility links

Breaking News

FIFA Pral Kolabore ak Ajans Anti Dròg Mondyal la


Football

FIFA ak Ajans aniti-dopaj entènasyonal-la pral kolabore pi etwatman depi jodi-a . Prezifan FIFA Sepp Blatter ak tokay-li nan ajans-la John Fahey siyen jodi vandredi-a yon deklarasyon dentansyon, avèk objektif pou mete tèt-yo ansanm pou men-nen lut kont dopaj nan spoò-a. Yo pral mete tèt-yo ansanm pou adopte yon nouvo kòd kap an vigè an janvye 2009.

Plizyè chanjman nan ekip Real Madrid ki anrejistre 3 defèt nan 3 dènye soti-yo : 2 nan Liga e youn nan Lig Chanpyon ewopeyen-yo. Dabò Ruud Van Nistelroy, butè entènasyonal olandè deklare fòfè pou match kont Huelva-a samdi akoz yon blesur nan cheviy dwat-li. Sepandan Pepe ak Robino ap tounen nan ekip-la. Pepe pat la depi 20 janvye e Robinyo apt antrene depi 10 fevriye tou 2 pou blesur.

Responsab Milan AC yo pwolonje pou 5 kan kontra footbalè brezilyen Kaka kap kenbe l nan ekip la juskan 2013 dapre anons ki fè yè Jedi a. Desizyon an mete fen nan tantativ Real Madrid tap fè pou l te jwen sèvis footbalè FIFA pou ane 2007 la apre yo te ofri l yon kontra 118 milyon dola.

Federasyon Football Ekosè a fè konnen Prezidan FIFA a Sepp Blatter ak prezidan Unyon football Eropeyen an Michel Platini pral patisipe nan tiraj osò semi final koup Ekosè a le 8 Mas dapre anons ki fèt yè Jedi a.

Alman Antoine Hey se nouvo antrenè seleksyon Liberya kap prepare pou eliminatwa koup du mond Afrik du Sud la. Hey se ansyen antrenè Lesotho ak Gambi.

Tennis

Rus Svetlana Kuznetsova kalifye pou final tounwa Doubay-la apre viktwa-l an 3 sèt (5-7, 6-4, 6-3) sou Jelena Jankovitch. Match-la te dure 2 zè 42 minut. Kuznetsova ap rankontre an final ak venkè 2e demi-final aklp mete fas-pou-fas Dementieva ak Schiavone.

Nan tounwa Acapulco-a, ajanten David Nalbandian kalifye pou demi-final apre-l elimine Italyen Potito Strase an 2 sèt 6-3, 6-3. Lòt kalifye ankò : Almagro, Acasuso et Horna. Nan menfis, tenis toujou o maskulen , ameriken Anddy Roddrick kouri ak konpatriyòt-li Mardy Fish an 2 sèt : 6-4, 6-2. 9-

XS
SM
MD
LG