Premye minis Jacques-Edouard Alexis prezante jedi 28 fevriye 2008 la nan Palè Lejislatif la pou reponn konvokasyon chanm depite a. Se anba gwo mezu sekirite msye Alexis te rive devan palman an, kote yon gwoup moun tap manifeste pou mande depite yo pa vote mosyon sansu kont chèf gouvènman ayisyen an (sètadi pou yo pa ba li move kane) yon aksyon tap pwovoke, la pou la, demisyon gouvènman lap dirije a.
Pou plis presizyon sou dosye sa a ak lòt nouvèl kap fè aktyalite a ale sou ralonj ki anlè atik sa a.