Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Responsab Komisyon Dezarmeman an Akize Chèf Pakè Pòtoprens la Pou Abi Pouvwa


Prezidan komisyon nasyonal dezarmeman ak re-ensèsyon-an (CNDDR), Alix Fils-Aime, ekri premye minis ayisyen an, Jacques Edouard Alexis, pou mande l pran mezi kont chèf pakè tribunal sivil Pòtoprens la, Claudy Gassant, pou abi pouvwa.

Msye Alix Filx-Aime -- ki pat reponn yon konvokasyon mèt Gassant semèn pase a -- fè konnen chef pakè a vyole kòd penal la lè li pa respekte statu gran fonksyonè leta yo.

Prezidan CNDDR la mande premye minis la pou l fè minis jistis la, René Magloire, entèvni nan dosye sila a. Jean-Pierre Leroy gen yon repòtaj.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj sou aktyalite ann Ayiti pou mèkredi 27 fevriye 2008 la.

XS
SM
MD
LG