Accessibility links

Breaking News

Etazini: Eta Wisconsin ak Hawaii Fè Eleksyon Primè Madi


2 senatè demokrat ki pati dèyè envestiti pati a, Hillary Clinton ak Barack Obama, ap fè-fas ak eleksyon primè nan eta Hawaii ak eta Wisconsin madi a.

Senatè eta Illinois a Msye Obama espere li pral kontinye ranpòte laviktwa sou senatè New York la Hillary Clinton.

Senatè Obama deja ranpòte 8 eleksyon primè afile. Sondaj dopinyon yo montre kous la trè sere nan eta Wisconsin, sepandan sondaj yo montre tou ke senatè Obama gen yon avans nan Hawaii, eta kote l te pran nesans la.

XS
SM
MD
LG