Football
Prezidan FIFA a Sepp Blatter fè konnen òganizasyon an kapab entèdi Espay patisipe nan oken aktivite entènasyonal si gouvènman entèvenu nan pwosesus eleksyon federasyon an. FIFA fè konnen otorite espayòl gen chwa pou football jwe sèlman nan peyi a ou byen klub yo ak seleksyon an patisipe nan tounwa entènasyonal.
FIFA anonse yo resevwa dokuman kandidatu an tandèm pou koup du mond football 2018 ke la Holand ak la Beljik ta renmen òganize. Komite ekzekutif FIFA a gen pou seleksyone peyi òganizatè a an 2011. Responsab yo gen lòt peyi ki enterese tankout la Chin, Rusi, Espay ak Pòtugal, Angletè epi Ostrali.
Prezidan FIFA a Sepp Blatter, ki te an Espay pou l onore footbalè espayòl Alfredo di Stefano, konfime Afrik ak Amerik du Sud pa gen oken chans pou akeyi koup du mond 2018 la. Balon avèk pyès elektronik la pat gen tan pare pandan koup du mond 2018 la dapre msye Blatter.
Prezidan an ajoute posibilite pou gen 2 abit adisyonèl pou evite spò a repoze sou yon balon elektronik pou konnen si wi ou non balon an travèse liy gòl la-yon tès ki pral fèt pandan koup du mond feminen Juniò a o Chili an Novanm pwochen.
Yon lòt kote footballè Kamerounè Samuel Eto’o retounen nan Barselòn pou l kapab jwe pandan rankont klub espayòl la pral jwe kont Celtic Glasgow Mèkredi nan match koup dè chanpyon Eropeyen an. Lòt jwè kap prezan se Thierry Henry, Ronaldinho ak Lionel Messi.
Medya chinwa yo kritike antrenè seleksyon chinwa a Sèb Ratomir Djukovic ak Vladimir Petrovic apre defèt 3 a 2 Chinwa yo subi devan Kore du Sud jodi a.
Responsab football Azyatik yo sanksyone Kore du Nò, Irak ak Tajikistan pou yo pa patisipe nan chanpyona du mond mwens de 16 zan epi fè yo peye yon amand 4 mil dola yo chak apre tès konfime yo mete sou teren an jwè ki pi aje pandan match kalifikatif yo.
Bhutan, Kambòdje, Bangladesh, Kyrgyszstan ak Macau peye amand pou menm rezon malgre yo pat kalifye pou chanpyona a. Konfederasyon Football Azyatik la gen pou anonse lis peyi patisipan nan chanpyona kap dewoule nan Uzbekistan soti 4 pou rive 19 Oktòb ane sa a.
Chanpyona nasyonal premyè divizyon ayisyen an demare week end sa a ak Baltimore de Sen Mak wouze Zenith du Kapayisyen 4 a 0. Vyolèt Atletik Klub tonbe devan Asosyasyon Spòtif Mirbalè 2 a 1. Jenès Spòtif Kapwaz, ki fèt monte an premyè divizyon, tonbe devan Racing Junior dè Gonayiv 1 a 0.
Fanatik football yo nan Boston an dèy apre lanmò Serge Desir--yon nèg ki te enplike nan devlopman spò pami ayisyen ameriken yo nan komunote a dapre nouvèl ki publiye nan jounal an liy Infohaiti.net.
Tenis
Numewo 1 tenis mondyal feminen Bèlj Justin Henin toujou klase numewo 1 mondyal nan moman franse Amelie Mauresmo pa figure pami 20 premye klasman mondyal la ki publiye jodi a. Rus Svetlana Kuznetsova klase 2 zièm devan Sèb Ana Ivanovic. Pa gen lòt chanjma pami 10 premye yo. Rus Maria Sharapova, Anna Chakvetadze, ameriken Venus Williams, Slovak Daniela Hantuchova, franse Marion Bartoli ak ameriken Serena Williams konplete lis la.
Swis Roger Federer ak Bèlj Justine Henin ranpòte pri meyè spòtif Laureus la pou ane 2008 la dapre anons ki fèt jodi a nan Saint Petersburg an Rusi. Federer ranpòte tounwa tenis Open Ostrali a, Wimbledon ak US Open nan epi finalis Roland Garos la pandan ane 2007 la. Henin ranpòte tounwa tenis Roland Garos la ak US Open nan epi ranpòte dènye tounwa tenis Feminen pou ane a. Nan atletis òganizasyon an rekonpanse atlèt britanik Paula Radcliffe pou retou remakab li fè pandan ane a.
Jwè tenis Japonèz Kei Nishikori tounen premye japon pandan 16 zan ki ranpòte yon tonwa tenis ATP. Japonè a kale ameriken James Blake 3-6, 6-1, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis Delray Beach la an Florid.
Britanik Andy Murray kale Kwat Mario Ancic 6-3, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis Marseille la.
Basketball
Konferans de Lès la ranpòte yon viktwa tou mens devan konferans de Lwès la 134 a 128 gras ak 2 fwa 3 pwen Ray Allen make nan fen rankont la nan Nouvèl Orleans. Lebron James seleksyone kòm pibon pami pibon nan rankont malgre li klase 2 zièm nan klasman jeneral kantite pwen ki make pandan rankont la. Konferans de Lès la ap domine seri a ak 35 viktwa kont 22 defèt.