Accessibility links

Breaking News

Pwovens Kosovo Pran Endepandans li Nan Men Peyi Sèbi


Palman pwovens Kosovo, nan repiblik Sèbi, deklare endepandans teritwa a jodi a e l’fè konnen anpatann de jodi, Kosovo se yon teritwa souvren e yon eta demokratik. Premye Minis Hashim Thaci fè konnen, "Kosovo tounen jodi a yon peyi fyè, endepandan, e lib."

Plizyè dizèn-milye Kosova albanè, ak drapo peyi Albani, te pran lari pou fete. Nan Belgrad, Premye Minis Sèbi a, Vojislav Kostunica, moute nan televizyon pou l’di Kosovo se yon “fo eta” e endepandans sila a vyole lòd entènasyonal.

Prezidan Bush fè konnen li pral kolabore ak alye Etazini yo pou pa gen vyolans apre deklarasyon endepandans Kosovo a. Msye Bush di avni pwovens sèb la trèzenpòtan pou sekirite rejyon an. Lidè ameriken an di pozisyon pa l' sè ke kesyon Kosovo a dwe rezoud pou rejyon Balkan an ka stab. Li espere desizyon Kosova yo papral debouche sou plis vyolans.

Pou w ka koute repòtaj nou an, ak reyaksyon Prezidan Bush la, fè klik sou ralonj ki anlè tèks la.

XS
SM
MD
LG