Accessibility links

Breaking News

Chanpyona Nasyonal Ayiti a ap Demare Weekend sa a


Football

Chanpyona nasyonal premyè divizyon ayisyen an ap demare week end sa a san patisipasyon Racing Club Ayisyen ki desann nan 2 zièm divizyon pou la premyè fwa apre yon move sezon. Premye jounen chanpyona pap jwe nan stad Sylvio Cator ki an reparasyon. Demen Samdi a Don Bosco de Petion Ville kont Tampèt de Sen Marc. Dimanch ak ap gen 6 lòtt̀rankont. 14 klub ap evolye nan premyè divizyon an ak posibilite pou l redui a 12 klub dapre rekòmandasyon yon komisyon FIFA te fè dirijan yo.

Responsab Milan AC yo poko pran oken angajman pou ofri brezilyen Ronaldo yon nouvo kontra apre doktè di brezilyen ap pase 9 mwa sou ban-d-touch la swit ak operasyon li subi nan pye yè Jedi a. Kontra Ronaldo a, kap fini an Jwen nan moman kesyon kap poze sou karyèl, pa gen garanti chanpyon Eropeyen an ap renouvle l, malgre dirijan yo di yo ta renmen li kontinye jwe pou klub Milanè a. Ronaldo se aktyèl meyè butè mondyal ak yon total 15 gòl.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter fè konnen li pap aksepte Lig football premye divizyon Angle a jwe kèk rankont chanpyona a aletranje. Msye Blatter di objektif plan britanik la se te pou ranmase plis lajan-yon ide msye Blatter di kapab afekte efò Angletè ap fè pou l akeyi koup du mond la an 2018.

Klub Angle Tottenham kale Slavia de Prag 2 a 1. Hambourg wouze FC Zurick 3 a 1 epi Fiorentina ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Rosenborg nan kad match ale koup UEFA a. Group G-14 la ap disoud jodi a apre antant FIFA jwen ak swa dizan klub ki pi rich sou kontinan Eropeyen an pou yo sispann tout aksyon legal kont FIFA an retou pou yo resevwa dedomajman finansye. Dapre antant la klub Eropeyen yo ap resevwa anviwon 252 milyon dola nan men Unyon Football Eròp la pou tout footballè kap patisipe nan koup UEFA a ak koup du mond Afrik du Sud la

Basketball

Phoenix Suns kale Dallas Marvericks 109 a 97 gras ak 26 pwen Amare Stoudamire ak Leandro Barbosa make yo chak epi Steve Nash kore viktwa a ak 24 pwen pandan li trape balon an 13 fwa.. Nan lòt rankont Miami Heat tonbe devan Chikago Bulls 99 a 92.

Je Zolenpik

Prezidan ameriken George Bush fè konnen li toujou gen entansyon asiste seremoni douvètu Je Zolenpik Peken yo malgre kontwovès ki genyen sou relasyon la Chin ak gouvènman Soudanè a.. Msye Bush ki tap pale nan chèn televizyon BBC di li konsidere je zolenpik yo kòm evenman spòtif.

Tennis

Ansyen chanpyon ameriken Monica Seles anonse ofisyèlman retrèt li 5 kan apre li jwe dènye rankont li. Seles ki ranpòte 9 tit Gran Shelem fè konnen lap kontinye patisipe nan match amikal ak match de charite.

XS
SM
MD
LG