Nan kad kanpay elektoral la o Zetazini, kandida John McCain (Senatè Eta Arizona) jwenn apui ansyen rival li nan kous pou nominasyon Pati Repibliken an, Mitt Romney, ki te pran desizyon semèn pase a pou l mete fen nan kanpay li a.
Nan kan demokrat la, 2 kandida ki nan kous la, Senatè Hillary Clinton (New York) ak Senatè Barack Obama (Ilinwa) ap mennen kanpay nan kèk eta ki pral òganize eleksyon primè yo anvan lontan. Jiskaprezan, moun poko ka di kilès nan 2 mesyedam yo ki pral ranpòte nominasyon Pati Demokrat la.
Pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis nou yo, klike sou lyen anlè a.