Football
Pou yon 5 kièm mwa afile Ajantin klase numewo 1 nan klasman FIFA publiye chak mwa. Sèl chanjman ki genyen pami 10 premye yo se la Grès ki soti 11 zièm pou l klase 10 zièm mondyal. Brezil, Itali, Espay, Almay konplete lis 5 premye peyi yo. Answit nou jwen Republik Tchèk, la Frans, Portugal ak La Oland.
Nan KONKAKAF la Meksik klase an premyè pozisyon swa numewo 16 nan klasman FIFA devan Etazuni ki klase 26 zièm. Nan Karayib Kba klase 88 tièm, Jamayik klase 90 zièm. Trinidad and Tobago klase 98 tièm epi Ayiti klase 100 tièm devan Guyane ki klase 132 zièm ak Barbados 133 zièm.
Federasyon Football Iranyen an lanse yon avèstisman bay nouvo antrenè seleksyon an espayòl Javier Clemente li kapab chache lòt antrenè si msye pa vle rezide nan peyi a. Avèstisman sa a lanse apre Clemente te fè konnen lap sèlman vini nan peyi nan okazyon rankont football yo men li pa gen entansyon rezide nan republik islamik la. Federasyon an fè konnen msye Clemente kapab ale an espay 2 fwa pou ane a-si l vle vwayaje plis li dwe gen pèmisyon federasyon an. Yon dirijan fè konnen kontra kondisyonèl la ap ekspire apre koup du mond 2010 la.
Atletisme
Kourè Britanik Dwain Chambers, ki sot purje yon suspansyon 2 zan pou uzaj steroyid, ap reprezante la Grand Bretay nan chanpyona du mond an sal ki pral dewoule nan Valans an Espay apre li ranpòte tounwa kalifikasyon an.. Chambers ranpòte yon batay legal pou l fè pati delegasyon britanik la.
Pwoduktè sinema ameriken Stephens Spielberg demisyone kòm konsultan atistik nan komite Olenpik Peken 2008 la akoz politik la Chin ap pratike nan rejyon Dafour la.. Gwoup dwazumen Human Right Watch di desizyon Spielberg la ta dwe fòse yon seri de lòt gwo potanta mete presyon pou la Chin amelyore dosye l.
Basketball
Pierce make 28 pwen epi trape balon an 12 fwa pou ede Boston Celtics krabinen Indiana Pacers 104 a 97. Nan Miami Denver Nuggets ranpòte yon viktwa de justès devan Miami Heat 114 a 113 nan pwolongasyon. Miami Heat pèdu 23 sou 24 dènye rankont li jwe nan NBA a.. Detroit Pistons al lakay Atlanta Hawks pou l kale 94 a 90. Minnesota Timberwolves tonbe devan New Jersey Nets 92 a 88. Memphis Grizzlies woule Sakramento Kings 107 a 94.