Accessibility links

Breaking News

Ejipt Konsève Tit Chanpyon Football Afriken an


Football

Ejipt konsève tit chanpyon koup dAfrik dè Nasyon an apre viktwa 1 a 0 li ranpòte devan Kameroun nan final la ki dewoule yè dimanch la nan Acra. Samdi Gana woule Kot Divwa 4 a 2 pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Responsab Barselonè yo gen kè sote fas a posibilite Kamerounè Samuel Eto’o ta pran yon chòk pandan patisipasyonn nan koup dAfrik dè Nasyon an. Eto’o ap retounen demen an Espay kote responsab pral ekzamine blesu li di li resevwa pandan final Kameroun kont Ejipt la yè Dimanch la.

An Espay Real Madrid te fè Real Valladolid wè 7 koulè lakansyèl ak yon rakle 7 a 0 pou l domine chanpyona Espayòl la ak 8 pwen devan FC Barselòn.

Ansyen antrenè espayòl Javier Clemente aksepte pou l antrene seleksyon Iranyen an dapre nouvèl ki publiye nan la près iranyen. An Desanm 2007 federasyon Sèbi a te revoke Clemente akoz li pat rive ede seleksyon an kalifye pou faz final Ero 2008 la.

Prezidan abit football Italyen Pierluigi Collina eksprime ensatisfaksyonn sou konpòtman abit peyi a ki bay footbalè yo la men avan e apre yon rankont--yon atitud ki ede desann tansyon jwè yo.

Konferans Nasyonal la remonte yon defisi pou l kale Konferans Ameriken an 42 a 30 nan kad match football zèpòl kare ki jwe ant pibon pami pibon jwè 2 konferans apre fen sezon an nan Honolulu. Konferans Ameriken ap domine seri a 20 viktwa kont 18 defèt.

Basketball

Los Ajeles Lakers kale Miami Heat 1004 a 94. Denver Nuggets wouze Cleveland Cavaliers 113 a 83. San Antonio Spurs tonbe devan Boston Celtics 98 a 90. Washington Wizards tonbe de justès devan Phoenix Suns 108 a 107.

Kous Otomobil

Òganizatè rally Dakar la anonse pwochen konpetisyon an ap dewoule an Arjantin. Konpetisyon an ap kòmanse nan Buenos Aeres pou l fini nan kapital arjantin nan apre li finn travèse chili. Plan konpetisyon ap disponib demen Madi a. Konpetisyon an ap kòmanse 3 pou l fini 18 Janvye 2009 apre li finn kouvri yon distans anviwon 9 mil kilomèt. Se premye fwa depi 1979, ane konpetisyon an te dewoule de Pari a Dakar Senegal, ke responsab yo deside òganize l nan yon lòt kote akoz krent epi menas responsab yo di yap resevwa. A pati de 15 Me 2008 patisipan yo kapab enskri

Tennis

La Rusi kalifye pour kar de final koup Davis la apre la Sèbi abandone pandan 3 zièm jounen an akoz yon malèz Novak Djokovic. Rus yo ap akeyi Republik Tchèk 11 o 13 Avril. Tchèk yo rive nan kar de final la apre yo kale la Bèljik 3 a 2 nan Ostrava. Etazuni kalifye tou apre yo elimine Otrich 4 a 1 nan vil Vyèn pou yo akeyi la Frans ki blanchi Woumani 5 a 0. Arjantin eki elimine la Grand Bretay 4 a 0 pral rankontre la Swèd ki te fè anpil efò avan li kale Izrayèl 3 a 2. Espay jwen yon plas tou nan kar de final la apre swif 3 a 0 yo pase Perou. Arjanten yo pral rankontre Almay ki wouze Kore du Sud 3 a 1.

Rus Anna Chakvetadze woule Hongwa Agnes Szavay ak kout rakèt 6-3, 2-6, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Gaz de Frans la ki tap dewoule nan vil Pari.

Atletisme

Kourè Britnik Dwain Chambers ranpòte kous 60 mèt eliminatwa Grand Bretay la chanpyona du mond an sal kapdewoule nan Valans mwa pwochen an. Chambers ki sot purje yon suspansyon 2 zan pou uzaj steroyid, ranpòte kous la ki te dewoule nan Sheffield. Prezidan Federasyon Atletis Britanik la tap pare pou l te entèdi Chambers patisipe nan konpetisyon an, men li te rale yon bak apre atlèt la te menase pou l te men-nen afè a nan tribunal akoz li poko pran retrèt li epi Federasyon Atletis Entènasyonal la konfime patisipasyonn nan konpetisyon an.

Kourè Swedwa Susana Kallur bat yon rekò du mond nan kous 60 mèt obstak la.

XS
SM
MD
LG