Accessibility links

Breaking News

Kameroun ak Ejipt nan Final Koup dAfrik la


Football

Kameroun, ki ranpòte koup dAfrik dè Nasyon an ap rankontre an final chanpyon an tit la Ejipt Dimanch kap vini la a. Kamerounè yo rive nan final apre viktwa yo ranpòte devan òganizatè konpetisyon an Gana 1 a 0. Ejipsyen yo ki te ranpòte edisyon 2006 la wouze Kot Divwar 4 a 1. Demen Samdi a Gana ap rankontre Kot Divwar pou 3 zièm plas la.

Prezidan Sud Afriken Thabo Mbeki deklare jodi a peyi a kapab òganize koup du mond la an 2010 malgre pwoblèm kouran elektrik yap fè fas.

Federasyon football ameriken an ap chache 6 stad pou akeyi match semi final Etazuni pral jwe nan semi final eliminatwa KONKAKAF la. Etazuni ki benefisye premye tou a gen pou rankontre venkè seri rankont ant barbad ak Dominik.

Ansyen antrenè Maròk la franse Henry Michel nan chomaj apre federasyon an revoke l. Pami rezon revokasyon an se movèz pèfòmans Maroken yo renmèt nan koup dAfrik dè Nasyon an.

Mitan teren Feyernoord la Jonathan de Guzman, ki te pran nesans nan Toronto chwazi jwe pou la Oland olye de Kanada. Sepandan Julian de Guzman chwazi pou l woule balon pou Kanada. Jonathan di kounye a balon an nan pye antrenè Marco Van Basten pou deside si wi ou non yap konvoke l nan 11 nasyonal Olandè a.

Footbalè brezilyen Romario demisyone kòm antrenè/jwè Vasco de Gama akoz mezantant li genyen ak prezidan klub la Eurico Miranda.

Nan match amikal entènasyonal Ayiti fè match nul 1 a 1 ak Venezuela yè swa . Brunel Fucien te louvri skò a pou Ayiti nan 13 zièm minit rankont la men Venezuelyen Alexander Randon egalize pou Venezuela nan 31 nièm minit la. Nan premye rankont la Venezuela te kale Ayiti 1 a 0. Rankont sa yo antre nan kad preparasyon pou eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Venezuela klase 5 kièm nan group Amerik du Sud ap retounen sou teren an an Jwen aloske Ayiti gen pou rankontre venèk rankont Antiy Neerlandèz/Nikaragwa.

Seleksyon Olenpik ayisyen an kale tokay kuben yo 2 a 1 nan kad preparatif pou faz final eliminatwa KONKAKAF la pou je zolenpik yo. Ayisyen yo te pèdu premye rankont la 4 a 0.

Salvador danse sou Anguila 12 a 0. Rudy Morales make 5 gòl nan piyay la. Antiy Neelandèz supran Nikaragwa ak yon viktwa 1 a 0. Antigua e Barbuda wouze Aruba 3 a 0 nan Oranjestad. Turk and Caicos supran Sent Lusi 2 a 1. Beliz kale Sen Kitts and Navis 3 a 1. Dominik ak Barbad antre nan vestyè a dozado 1 a 1 nan Rozo.

Nan match amikal Brezil kale Irland 1 a 0. Etazuni fè match nul 2 a 2 ak Meksik. Jozy Altidore make youn pami gòl ameriken yo. Jamayik fè match nul 1 a 1 Kosta Rika. Almay benyen Otruch 3 a 0. Antrenè seleksyon angle a Italyen Fabio Capello pase premye tès li nan tèt seleksyon angle apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan la Swis. Espay ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan la Frans. Honduras kale Paragwe 2 a 0.

Tenis

Etazuni ap kòmanse defann tit koup Davis la semen sa a lè lap rankontre Otrich nan premye tou group mondyal la nan vil Vyèn. Ameriken Andy Roddick ap jwe premye match douvètu a kont Jurgen Melzer epi James Blake kont Stefan Boukek nan 2 zièm rankont la jodi Vandredi a.

Samdi match doub la ap mete bab pou bab frè Bryan yo ak ekip doub Bob ak Mike. Group senp la ap ranvèse Dimanch. Nan lòt rankont Sèbi kont la Rusi. Republik Tchèk kont Bèljik. Arjantin kont la Grand Bretay, la Swèd kont Izrayèl, Woumani kont la Frans, Almay kont Kore du Sud epi Perou kont Espay. Venkè yo ap kalifye pou kar de final la kap an Avril. Final la fikse pou Novanb.

Rus Elena Dementieva ak Hongwa Agnes Szavay remonte yon defisi pou klase nan kar de final tounwa tenis Open Gaz de Frans la kap dewoule nan vil Pari. Dementieva kale anba redu Tchèk Petra Kvitova 7-6, 6-2 epi Szavay supran Italyen Tathiana Garbin 6-3, 4-6, 6-2.

Rus Anna Chakvetadze elimine franse Nathalie Dechy 6-1, 6-3 pou l al rankontre franse Amelie Mauresmo ki elimine Grèk Eleni Daniilidou pa abandon. Slovak Daniela Hantuchova te bezwen 3 manch pou l danse sou Slovèn Katarina Srebotnik 6-4, 1-6, 6-3 pou l rankontre Ongwa Agnes Szavay. Lòt kalifye se frane Marion Bartoli, Virginie Razzano. Venkè tounwa a ap foure nan bous li 95 mil dola.

Basketball

Chinwa Yao Ming make 22 pwen epi trape balon an 12 fwa pou ede Houston Rockets wouze Cleveland Cavaliers 92 a 77. Chikago Bulls te fè anpil efò avan li kale Golden State Warriors 114 a 108. Philadelphia 76ers tronse Miami Heat 101 a 84.

Asosyasyon Nasyonal Basketball Ameriken an ak Phoenix Suns prezante Shaquille O’Neal ki fèk transfere soti nan Miami pou vinn jwe nan Phoenix Suns. O’Neal ki gen lontan depi lap soufri ak yon doulè nan ren, di li espere jwe monte teren an avan match tout vedèt yo ki fikse pou 17 Fevriye. O’Neal, ki deja ede Los Anjeles Lakers ranpòte 3 tit afile epi Miami yon tit, di li espere pote kole pou ede Phoenix Suns ranpòte yon trofe.

Olenpik

Group Medsen San Fwontyè fè konnen otorite chinwa yo pa amelyore kondisyon dwazumen ak libète la près avan dewoulman je zolenpik yo. Group la di otorite chinwa yo arete 180 jounalis etranje lè yo pa atake yo ou byen menase yo pandan ane 2007 la. Medsen San Fwontyè di yo pa kapab konte kantite prizonye politik ki fèmen nan prizon.

XS
SM
MD
LG