Accessibility links

Breaking News

Repibliken Mitt Romney Kite Kous Pou Envestiti Pati a


Ansyen gouvènè eta Massachusetts Mitt Romney abandone kous pou nominasyon pati repibliken an kòm kandida a la prezidans.

Msye Romney fè anons sa a nan Washington jedi, sètadi 2 jou aprè l finn ranpòte kèk eta nan eleksyon primè “Super Mardi a” ou Super Mardi. Sepandan, li pat ranpòte ase vwa pou l pran devan rival li, John McCain.

Msye Romney deklare si li kontinye fè konpetisyon ak senatè McCain, li t’ap antisipe lansman yon kanpay nasyonal ki tap rann ni pi fasil pou kandida demokrat Hillary Clinton oubyen Barack Obama ranpòte la viktwa.

Ansyen gouvènè Mitt Romney fini pa di: 2 kandida demokrat yo deklare klèman yo t’ap retire troup ameriken yo nan Irak e ke li pa kapab kite kanpay li a ede peyi a bese-ba devan latèrè.

Ansyen gouvènè Mike Huckabee rete nan kous repibliken pou envestiti pati a ansanm ak depite Ron Paul ki -- li menm -- ap trennen byen lwen dèyè lòt kandida repibliken yo.

XS
SM
MD
LG