Accessibility links

Breaking News

Balon Woule nan Eliminatwa Koup du Mond 2010 la


Football

Jodi a balon ap woule nan zòn KONKAKAF la. Nan match amikal entènasyonal Meksik ap rankontre Etazuni nan yon match chofe jarèt ant 2 belijeran nan KONKAKAF la epi Ayiti gen pou rankontre Venezuela. Nan lòt aktivite nan zòn KONKAKAF la nan kad premye faz eliminatwa zòn nan ap gen 6 rankont. Nan Rozo la Dominik ap rankontre Barbad. Nan Oranjestad Antigua e Barbuda pral fè fas ak Aruba. Turk and Caicos kont Saint Lucie nan Pwovidenciales. Beliz ap akeyi Sen Kitts and Navis nan stad San Mateo Flores la nan Gwatemala. Salvador ap akeyi Anguila epi Nikagaragwa kont Antiy Neerlandèz Seri retou a ap jwe le 26 Mars ansanm ak 3 match eliminasyon dirèk.

Nan match kalifikatif koup du mond pou zòn Azyatik la la Chin fè match nul 1 a 1 ak Irak nan group 1 an. Iran fè match nul 1 a 1 ak Siri. Ostrali wouze Katar 3 a 0. Kore du Sud woule Turkmenistan 4 a 0 aloske nan Santaima Japon pat bay Tailand tan pou l respire ak yon viktwa 4 gòl a 1.

Antrenè Tailand la kritike FIFA akoz li tann la vèy match kalifikatif seleksyon an pou anonse suspansyon 2 jwè seleksyon an. 2 premye nan chak group yo ap kalifye pou 4 trièm faz eliminatwa koup du mond Azyatik la.

La Polòy prezante plan kontruksyon stad ki pral akeyi match koup dEròp dè Nasyon an an 2012. Responsab yo di o mwens 3 stad kapab pare an 2010. La Polòy ap òganize konpetisyon an an tandèm ak Ukrè n.

Prezidan FIFA Sepp Blatter kontinye ap pouse lide kantite jwè etranje ki kapab sou teren an an mè m tan. FIFA anonse li pral soumèt plan an pandan kongè òganizasyon football entènasyonal la pral fè an Ostrali an Me pwochen. Règleman yo prevwa prezans 5 jwè etranje nan fèy de match la. Objektif la se anpeche klub yo pèdu idantite lokal yo. Nouvèl yo fè konnen nan sèten rankont tout 11 jwè ki abitye nan fòmasyon yon klub kapab soti nan lòt peyi san prezans yon jwè lokal--yon situasyon kap febli seleksyon nasyonal yo. Pwopozisyon an kapab monte yon maswife ak klub rich ki gen anpil jwè etranje ak lòt ki vle yon mache lib nan mond football la.

Kongo kenbe la frans an echèk ak yon match nul 0 a 0 ki jwe nan Marbella an Espay. Nan Nikozi Republik Thèk tonbe devan la Grès 1 a 0. La Grès ap rankontre ak Findland jodi a nan yon lòt match chofe jarèt. Angletè ap akeyi la Swis.

Nan Gana kote koup dAfrik dè nasyon ap kontinye demen Jedi a nan semi final konpetisyon an Ejipt ap rankontre Kot Divwar epi Cameroun kont Gana. Venkè yo ap kalifye pou final la ki fikse pou Dimanch.

Je zolenpik

Prezidan Rus la Vladimir Putin fè konnen peyi a pare pou l kòmanse konstrui enstalasyon spòtif pou je zolenpik dhivè yo kap dewoule nan vil Sochi.

Basketball

Lebron James make 33 pwen nan pou ede Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa de justès devan Boston Celtics 114 a 113. Nan lòt rankont Los Anjeles Lakers wouze New Jersey Nets 105 a 90. San Antonio Spurs toupizi Indiana Pacers 116 a 89. Philadelphia 76ers suprann Washington Wizards 101 a 96 epi Mo Willliams amke 32 pwen nan viktwa 102 a 97 Milwaukee Bucks ranpòte devan Memphis Grizzlies.

XS
SM
MD
LG