Accessibility links

Breaking News

Giants Kapote Patriots nan Final Superbowl la


American Football

Preparatif ap fèt nan New York depi jodi a kote yo pral òganize yon manifestasyon pou make tit Sueperbowl New York Giant ranpòte devan New England Patriot 17 a 14 yè swa nan Glendale Arizona. Viktwa a suprann fanatik New England yo ki te deja ap pare pou selebre 19 vièm viktwa afile ekip la. Menè de je ekip New York la Eli Manning te lanse yon balon dezespere 1 minit avan fen tan reglemantè a. Situasyon ki ta pral pote yon kou du pou Patriots yo lè Giant make yon touch down 35 sekond avan fen tan reglemantè a. Manning deklare:"Mwen pa konnen kote pou m mete kò m tèlman mwen kontan. Vrèman se enkwayab. Mwen fyè pou jwè yo, antrenè, tout moun ki te gen la fwa nou tap ranpòte la viktwa-menm lè nou pat gen oken dout nou tap ranpòte la viktwa."

Menè de je New England Patriot la Tom Brady ki tap pare pou l ranpòte yon 4 trièm tit pandan 7 tan, eksprime desepsyonn apre yon sezon prèske pafè ak 18 viktwa 0 defèt men yo pa rive kourone sezon an ak trofe a. Miami Dolphins se sèl ekip ki ranpot̀e 17 viktwa afile ak tout tit Superbowl la.

Football

Eliminatwa koup du mond FIFA/Afrik du Sud la demare yè Dimanch la nan Karayib la kote Bermude fè match nul 1 a 1 ak Zile Kayiman yo. Nan match amikal entènasyonal Venezuela ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 fas a Ayiti nan kad yon amikal entènasyonal ki jwe yè Dimanch la nan Karakas. 2 seleksyon yo gen pou rankontre yon lòt.

Gana kalifye pou semi final koup dAfrik dè nasyon apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Nijerya. Ganeyen yo kapab rankontre swa Kamerou ou byen Tunizi Jedi pwochen. Nan lòt kar de final Kot Divwar pilon-nen Guine 5 a 0. Jodi a Ejip kont Angola epi Tunizi kont Kameroun.

Sou kontinan Eropeyen an an Espay kote viktwa de justès FC Barselòn ranpòte devan Osasuna redui ekar ki separe yo ak Real Madrid kap domine chanpyona premyè divizyon Espayòl la.

An Itali Inter de Milan pran yon avantaj 8 pwen nan Seri A a apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Empoli. AS Wòm tonbe 3 a 0 devan Sienna--viktwa ki pèmèt Sienna rale yon bak nan zòn pou yo ta desann nan 2 zièm divizyon. Milan AC klase 5 kièm apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Sampdoria de Jè n.

An Angletè premye plas la chanje men apre viktwa 3 a 1 Arsenal ranpòte devan Manchester City pou mete l a 60 pwen. Manchester United pèdu tèt klasman jeneral la apre match nul 1 a 1 yo fè ak Tottenham Hotspurs. United klase 2 zièm ak 58 pwen.

Nan Bundersliga a Bayern de Munick kòmanse 2 zièm mwatye sezon an ak yon viktwa 2 a 1 devan Hansa Rostok. Bayern gen 39 pwen pou 18 rankont swa 3 pwen devan Werder de Brem ki pèdu devan Bochum.

Nan la Oland PSV Eindovhen ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan AZ Alkmaar pou l rete nan tèt klasman jeneral la ak 8 pwen davans nan moman manke 11 match pou sezon an fini. Ajax Amsterda m wouze Feyernoord 3 a 0 pou mete an 2 zièm pozisyon.

Antrenè seleksyon ameriken an Bob Bradley konvoke 11 jwè ameriken kap evolye sou kontinan Eropeyen an pou vinn konplete lis jwè ki pral patisipe nan match amikal kont Meksik Mèkredi. Apre rankont la ameriken yo ap fè yon kout pye an Eròp kote yo kapab rankontre la Polòy 26 Mars epi Espay le 4 Jwen avan yo kòmanse kanpay koup du mond Afrik du Sud 2010 la.

An Almay--chak footballè Alman kap patisipe nan koup dEròp dè nasyon an ap resevwa 250 mil Euro si yo ranpòte konpetisyon an. 50 mil Ero si yo elimine nan premye tou a. 100 mil Ero si yo elimine nan semi final la epi 150 mil si yo pèdu nan final la. Almay trouve l nan group B a ak la Polòy, Kwasi ak Otrich.

An Frans franse Franck Ribery pap disponib pou match amikal la Frans pral jwe kont Espay nan Malaga akoz blesu. Selon doktè yo Ribery, kap jwe nan Bayern de Munik, bezwen 3 semèn repo avan pou l rekòmanse woule balon.

Antrenè seleksyon Rus la Olandè Guus Hiddink akuze antrenè klub rus yo kòm egoyist akoz yo refuze libere jwè yo pou vinn patisipe nan yon kan dantrenman lap òganize an Turki.

Ekspè, politisyen, antrenè ak fanatik yo gen opinyon diferan sou desizyon antrenè seleksyon Angle a Italyen Fabio Capello pran pou l pa konvoke David Beckham nan seleksyon ki pral jwe match amikal kont la Swis 6 Fevriye kap vini la a. Beckham te espere Capello tap pèmèt li jwe 100 tièm rankont li pou seleksyon an. Capello justifye desizyonn nan akoz li di Beckham gen lontan depi li pa patisipe nan yon bon seyans dantrenman serye. Dènye fwa sa te fèt se te an Novanm 2007.

Tennis

Match koup konfederasyon ant Etazuni ak Almay ap rejwe pita nan jounen an apre da m la pli te antre nan koze a. La Rusi, la Chin ak Espay kalifye pou semi final tounwa a.

Atletisme

Ansyen chanpyon Olenpik ak mondyal ameriken Maurice Green anonse retrèt li akoz yon seri de blesu. Green ki te pral la pawòl jodi a nan vil Peken kote je olenpik yo pral dewoule fè konnen blesu li resevwa pandan ane ki pase yo afekte antrenmann.

Basketball

Kobe Bryant make 30 pwen pou pèmèt Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa devan Washington Wizards 103 a 91.Detroit Pistons danse sou Dallas Marvericks 90 a 67

XS
SM
MD
LG