Accessibility links

Breaking News

Yon  Alman nan Tèt Seleksyon Football Kuba a


Football

Alman Reinold Fanz non-men kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal Kuba a ak objektif pou ede kuben yo kalifye pou faz final koup du mond Afrik du Sud la.Avan sa kuben yo dwe travèse kap premye tou a lè yap rankontre venkè rankont Aruba ak Antig e Barbuda. Si Kuben yo ranpòte la viktwa yo kapab rankontre Etazuni nan semi final la.

Eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la ap demare Dimanch lè Bermud ap akeyi Zil Kayiman yo nan yon seri ale/ retou. Res match yo ap demare le 6 Fevriye nan KONKAKAF la.

Antrenè seleksyon Meksik la Hugo Sanchez seleksyone mitan teren Antonio Naelson ki te pran nesans o Brezil. Nealson figure pami jwè ki pral patisipe nan match chofe jarèt ant Etazuni ak Meksik nan Houston Mèkredi. Se premye fwa seleksyon Meksik la gen yon jwè naturalize nan ekip la.

2 Seleksyon Nasyonal ayisyen mete tèt pou 2 destinasyon diferan. Seleksyon Seniò a ale nan Venezuela kote li pral jwe 2 mach amikal aloske seleksyon Olenpik la ale Kuba kote li pral jwe kèk match amikal ak seleksyon olenpik Kuben an.

Vedèt football Angle David Beckham poko ap jwe 100 tièm rankont li pou seleksyon angle a apre antrenè Italyen Fabio Capello pa seleksyone l nan lis 30 jwè pwovizwa. Angletè gen pou akeyi la Swis nan yon match chofe jarèt semen pwochèn nan. Capello di li baze desizyon an akoz Beckham pa janm fè oken antrenman serye depi Novanm 2007.

Kar de final koup dAfrik dè nasyon an ap demare Dimanch Gana kont Nijerya epi Kot Divwar fas a Guine. Venkè yo ap rankontre nan semi final la.

Dimanch kap vini la a la tè pral tranble nan Arizona kote final superbowl football zèpòl kare ameriken ap dewoule ant revelasyon tounwa a New York Giants ak New England Patriots ki gen yon palmarès 18 viktwa 0 defèt pou sezon an.

Responsab Unyon football Eropeyen an franse Michel Platini bay supòl pou gen 2 lòt abit sou teren an kap pran pozisyon nan zòn penalite a pou ede abit santral la. Platini di pozisyon an kapab okipe ak abit ki ta 45 kan ki oblije pran retrèt yo a 45 kan. Platini te fè deklarasyon an apre kongrè Unyon Football Eropeyen an sot fè nan vil Zagrèb.

Responsab football UEFA a anonse yo pral deside nan fen ane a si wi ou non yap ogmante kantite peyi patisipan yo nan faz final koup dEròp dè nasyon an an 2016 ant reprezantan 20 ou 24 peyi.

Otorite FIFA yo fè konnen desizyon tribunal spòtif abitraj pran sou kontra jwè yo kapab koze anpil dega nan football. Dapre tribunal la sanble yon jwè kapab achte rès kontra li genyen ak yon klub pou l kapab al jwe nan yon lòt. FIFA di desizyon an kapab afekte ti klub yo e favorize klub ki rich yo.

Yon juj Italyen blanchi responsab Milan ak Inter de Milan de tout magouy finansye klub sa yo ta enplike.

Tennis

Rus Maria Sharapova, ki sot ranpòte tounwa tenis Open Ostrali a ap nan tèt seleksyon Rus ki pral rankontre Izrayèl nan match koup Konfederasyon kap mete 2 peyi yo fas a fas demen Samdi a. Itali ap akeyi Espay. Etazuni kont Almay nan Kalifòni. epi la Chin ap akeyi la Frans nan vil Peken. Venkè yo ap rankontre nan semi final an Avril. Final la fikse pou Septanb.

Basketball

Boston Celtics ranpòte yon viktwa tou mens devan Dallas Marvericks 96 a 90. Detroit Pistons suprann Los Anjeles Lakers 90 a 89. Seattle Supersonics wouze Cleveland Cavaliers 101 a 95. San Antonio Spurs remonte yon defisi 5 pwen pou l kale Phoenix Suns 84 a 81.

XS
SM
MD
LG