Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon.-  Dènye Deba ant Kandida Demokrat yo Anvan Gwo Rande-vou Elektoral Madi 5 Fevriye a, ou


Etazini-Eleksyon.- 2 kandida demokrat ki rete nan kous pou Mezon Blanch la, Senatè Hillary Clinton ak Senatè Barack Obama, te patisipe nan yon deba nan Los Angeles, nan eta Kalifòni, kote yo chache tabli diferans ki egziste antre yo sou kesyon tankou "swen-sante", "imigrasyon ilegal" ak "lagè Irak la". Nan deba sa a --ki dewoule jedi 31 janvye a nan vil Los Angeles, nan eta Kalifòni-- Madan Clinton ak Misye Obama te manifeste senpati yo pou ansyen Senatè John Edwards ki te pran desizyon pou wete kandidati li; konsa Misye Edwards kite teren an lib pou 2 kandida ki rete nan kous la pou nominasyon Pati Demokrat la.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj VOA sou deba jedi 31 janvye 2008 la, ki te pase an dirèk sou chèn televizyon CNN.

XS
SM
MD
LG