Football
Ejipt fè match nul 1 a 1 ak Zambi pou l pase nan kar de final koup dAfrik dè Nasyon an nan group C a ak 7 pwen. Cameroun wouze Soudan 3 a 0 toujou nan menm group la pou l pran 2 zièm plas la. Samuel Eto’o, kap jwe nan klub espayòl FC Barselòn, make 2 gòl pou fè l tounen meyè butè Konfederasyon Football Afriken an ak yon total 16 gòl.
Nan kar de final la Ejipt ap rankontre ekip ki klase 2 zièm nan group D a. Premye nan group D a ap rankontre Cameroun. Nan kar de final la deja Nijerya ap rankontre Gana epi Kot Divwar kont Guine Dimanch pwochen.
Antrenè seleksyon Gana a Claude Leroy fè konnen mitan teren seleksyon an Michael Essien pap vwayaje pou ale patisipe nan seremoni remiz prèm konfederasyon football afriken Vandredi nan Lome Togo.
Prezidan Unyon Football Eropeyen an Michel Platini mande federasyon football Polonè ak Ukrèn pou akselere preparasyon pou yo kapab akeyi konpetisyon an 2012.
FIFA oganize tiraj osò koup du mond match kalifikatif pou 2 zòn sou kontinan Eropeyen an. Sekretè Jeneral FIFA a Jerome Valcke fè tiraj osò a jodi a nan okazyon Kongrè Unyon football Eropeyen an nan vil Zagreb, Kwasi. Desizyon an pran apre 2 group yo pat rive antann yo sou kalandriye rankont la. Izrayèl ap akeyi la Swis nan group D a pandan ke Bosni-Erzegovinn pral lakay Espay nan group 5 la. Match kalifikatif zòn Eropeyen an ap demare 6 Septanb pou 14 Oktòb 2009.
Ayiti fè match nul 0 a 0 ak Salvador pou yon 2 zièm fwa nan 2 jou. 2 seleksyon yo ap pare pou eliminatwa koup du mond FIFA/ Afrik du Sud 2010 la.
Tennis
Etazuni publiye lis jwè tenis Koup Davis la nan okazyon match douvètu group mondyal la kont Otrich. Se menm ekip sa a ki te ede Ameriken yo ranpòte konpetisyon an ane pase devan La Rusi. Lòt match nan group mondyal yo: Sèbi kont la Rusi, Peru kont Espay, Republik Tchèk kont Bèljik, Izrayèl kont la Swèd, Ajantin kont la Grande Bretay, Almay ap akeyi Kore du Sud epi la Frans pral lakay Woumani.
Olympics
Responsab Biwo Investigasyon Ameriken Robert Mueller di li enpresyone sou mezu sekurite otorite chinwa yo mete an plas pou je zolenpik Peken 2008 yo.
Najè Ostralyen Ian Thorpe ki ranpòte 5 meday dò olenpik epi kourè Ron Clarke ki te limen chodyè olenpik la an sa gen 52 zan nan Melbourne, figure nan tèt lis patisipan ostralyen nan relè tòch olenpik la. 80 moun ap patisipe lè tòch la ap pase nan Cambera le 24 Avril. Òganizatè yo fè konnen anviwon 22 mil moun ap patisipe nan vwayaj tòch Olenpik la ap fè soti an Grès pou l rive nan Peken le 8 Out ki se jou ouvètu seremoni an.
Atletisme
Chanpyon 400 mèt olenpik ameriken Jeremy Wariner dozado ak antrenè Clyde Hart 7 mwa avan dewoulman je zolenpik yo. Dapre nouvèl yo msye yo pran yon wout diferan apre Wariner vle peye antrenè pipiti lajan ki te prevwa nan kontra a.
Basketball
New Jersey Nets te fè anpil efò avan li kale Milwaukee Bucks 87 a 80. Washington Wizards te bezwen pwolongasyon pou l kale Toronto Raptors 108 a 104. Lòt klub ki ranpòte la viktwa se Phoenix Suns, Chikago Bulls, Detroit Pistons, Boston Celtics, Los Anjeles Lakers ak Seattle Supersonics. Jason Kidd ap fè demach poul kite New Jersey Nets.