Football
KONKAKAF la anonse yap lanse pwòp chanpyona lig chanpyon yo tankou li ekziste an Eròp. Konpetisyon an, kap gen patisipasyon 24 ekip, ap kòmanse nan mwa Out e lap ranplase aktyèl chanpyona konkakaf dè klub chanpyon ak vis chanpyon. Dapre fòma a Etazuni ak Meksik ap gen 4 ekip yo chak. 3 klub ap soti nan Karayib la--2 nan Salvador,Kosta Rika, Gwatemala, Honduras ak Panama. Beliz, Kanada ak Nikaragwa ap gen yon klub yo chak. 2 Klub Meksiken ak 2 klub ameriken plus yon klub Kosta Rika, El Salvador, Gwatemala ak Honduras ap tèt de seri.
Lòt 16 klub yo ap divize an 4 group de 4 ap diskute premye tou a an Septanb ak Oktòb. 2 premye nan chak group yo ap kalifye pou kar de final la an Fevriye 2009. Semi final la fikse pou Mars epi venkè yo ap rankontre nan final la fikse pou Avril, Venkè a ap reprezante rejyon an nan koup du mond Klub yo ke FIFA òganize nan fen chak ane.
An match amikal entènasyonal Ayiti ap akeyi Salvador pou yon 2 zièm fwa jodi a nan vil Sen Mak. 2 ekip yo te fè match nul 0 a 0 nan premye rankont la ki te jwe Samdi nan Pòtoprens.
Kot Divwar kalifye pou kar de final koup dAfrik dè Nasyon kap dewoule nan Gana pou group B a apre yo danse sou Mali 3 a 0. Ivwaryen yo fini an premyè pozisyon ak 9 pwen. Nijerya kalifye tou apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Benin. 2 ekip yo ( Nijerya ak Mali) fini ak 4 pwen yo chak men Nijeryan yo kalifye akoz de gòl diferans +1 kont mwens 2 pou Mali .
Yè Lendi a, Gana ak Guine jwen tikè yo pou faz dechoukaj la. Maròk ak Namibi elimine nan group A a. Nan kar de final la Gana ap rankontre Nijerya epi Kot Divwar pral mate balon fas a Gine.
Footballè Angle David Beckham ap ogmante chan daksyon pou l ede jè n footbalè yo apre li deside pou l louvri yon 3 zièm akademi football nan Nòdès Brezil. 2 lòt akademi yo situe nan vil Lond ak Los Anjeles.
Tennis
Fransè Jo-Wilfrid Tsonga, 18e mondyal, nouvo manm ekip Koup Davis fransè-a rive jodi madi-a an Frans apre pakour enpresyonan li sot kouvri nan Open Ostrali-an. Li presize ke moman ki te pi fò pou li ann Ostrali-a se te komunyonn avèk publik la. Fransè Jo-Wilfrid Tsonga pèdu an final dimanch devan sèb Novak Jokovitch
NBA
Chris Paul te fè anpil efò pou l make 23 pwen epi fè 17 pas ki make pwen nan viktwa 117 a 93 New Orleans Hornets ranpòte devan Denver Nuggets. Dallas Marvericks pilon-nen Memphis Grizzlies 103 a 84. Utah Jaz te fè anpil efò avan li kale San Antonio Spurs 97 a 91. Charlotte Bobcats suprann Los Anjeles Clippers ak yon viktwa 107 a 100.