Football
Gana kalifye pour kar de final tounwa Koup dAfrik dè Nasyon an ke lap òganize apre li wouze Maròk 2 a 0 nan group A a. Nan lòt rankont Guine fè match nul 1 a 1 ak Namibi pou l fini an 2 zièm pozisyon ak 4 pwen pou devan Maròk ki gen 3 pwen. Namibi, ki elimine, fini ak 1 pwen nan group la.
Balon ap kontinye woule demen Madi a lè Mali ap rankontre Kot Divwar. Malyen yo bezwen yon pwen pou yo pase nan faz dechoukaj la. Nan lòt rankont jounen an Nijerya ap rankontre Benin ki deja elimine. Kote Divwar, ki gen 6 pwen, bezwen yon nul aloske Mali bezwen yon viktwa. Situasyon an kapab konplike si Benen ranpòte la viktwa.
Responsab football Malyen yo anonse yap refuze atankan seleksyon an Frederic Kanoute patisipe nan seremoni remis de prim meyè footballè pou ane a Konfederasyon Football Afriken Vandredi si seleksyon an kalifye pou kar de final la koup dAfrik dè Nasyon an.
Antrenè seleksyon senegal la Polonè Henryk Kasperczak demisyone nan tèt seleksyon an apre defèt 3 a 1 yo subi devan Angola. Senegal ki gen yon pwen espere fè bèl figi lè yap rankontre Afrik du Sud Jedi. Afrik du Sud ki te vinn nan konpetisyon an ak espwa li kapab demontre fòs li pandan koup du mond yap òganize an 2010 kapab elimine depi nan premye tou pou yon zièm edisyon afile Prezidan Zambyen an Levy Mwanawasa defann desizyon li pran pou l pa peye dwa retransmisyon match koup dAfrik la akoz li pa kapab justifye rezon depans la an mèm tan lap depanse pou ede viktim inondasyon an.
Nouvèl ki soti an Angletè fè konnen Angle yo pral obsève yon minit silans pou make 50 tièm anivèsè dezas ayeriyen Munik la le 6 Fevriye nan okazyon match amikal ant Angletè ak la Swis. Dat la ko-enside ak aksidan ayeryen apre avyon ki tap transpòte ekip Manchester United la te sot tonbe pandan dekolaj apre yon arè pou l te achte gaz. 8 jwè United pami yo jwè seleksyon an te pami 23 moun ki mouri nan aksidan an Munich la.
Nan Football Seleksyon nasyonal ayisyen an fè match nul 0 a 0 ak Salvador nan Pòtoprens nan kad preparatif 2 ekip yo ap fè pou eliminatwa koup du mond la. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi a.
Olympics
Komite òganizatè Je Zolenpik Peken 2008 yo revele youn pami 2 enstalasyon spòtif kote konpetisyon an pral dewoule--enstalasyon an ki rele “Sant Aquatic” gen yon kapasite 6 mil syèj pèmanan ak 11 mil syèj tanporè. Lòt enstalasyon an, ki se yon stad, gen yon kapasite 91 mil plas e li gen fòm yon nich zwazo.
Atletisme
Kourè Gwatemaltèk Jose Garcia ranpòte maraton Miami an an 2 zhè-17 minit--43 sekond. Ameriken Kelly Lijleblad ranpòte kategori meda m yo. Plis pase 10 mil 400 atlèt te patisipe nan konpetisyon an.
Ansyen chèf ekzekutif federasyon football Angle a Peter Leaver, ap pran tèt ajans nasyonal anti dopaj angle a a pati de 1 Avril.
Tennis
Selebrasyon nan la Sèbi apre viktwa an 4 manch chouchou lokal la Novak Djokovic ranpòte devan revelasyon Open Ostrali a franse Joe Wilfried Tsonga 4-6, 6-4, 6-3, 7-6 pou l ranpòte premye tounwa tenis Gran Shelem nan karyè l. Defèt Swis Roger Federer subi devan Djokovic nan semi final la epi defèt Rafael Nadal subi nan semi final la devan Tsonga boulvèse klasman jeneral la nan tenis mondyal la. Malgre tou Federer ak Nadal toujou konsève pozisyon yo--sepandan si Federer ta pèdu nan lòt tounwa yo ebyen li kapab pèdu numewo 1 mondyal la avan ou apre US Open nan donc sezon été a.
Rus Maria Sharapova wouze Sèb Ana Ivanovic an 2 manch 7-5, 6-3 pou l ranpòte kategori feminen an. Klasman mondyal la boulvèse apre supriz nan tounwa ni bò kote medam yo ni bò kote mesye yo. Tsonga finalis la, soti numewo 38 pou l klase numewo 18 mondyal. Pa gen chanjman pami 6 premyè jwè tenis mondyal yo kote nou jwen Roger Federer, Rafael Nadal, Novak Djokovic, Nikolay Davydenko, David Ferrer ak Andy Roddick. Bò kote meda m yo Justin Henin toujou nan numewo 1 mondyal malgre li te pèdu devan Maria Sharapova. Anna Ivanovic boukante pozisyon ak Svelatna Kunetsova pou l okipe numewo 2 a. Daniela Hantuchova se numewo 8. Jelena Jankovic toujou numewo 4 aloske Serena Williams boukante pozisyon ak sè l Venus Williams pou yo klase numewo 7 e numewo 10.
Basketball
Lebron James te finn pa gen rezon sou Kobe Bryant apre li ede Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa 98 a 95 sou Los Anjeles Lakers nan yon rankont gason pat kanpe. Lebron James make 41 pwen nan rankont la pandan Kobe Bryant make 33 pwen nan defèt la. Nan lòt rankont Golden State Warriors te fè anpil efò pou l kale New York Knicks 106 a 104. Menm situasyon an pou Orlando Majik ki te finn pa kale Boston Celtics 96 a 93. Lòt venkè yo se Phoenix Suns, Portland Trail Blazers, Utah Jazz, Minnesota Timberwolves ak Milwaukee Bucks.