Tenis
Nap kòmanse ak grande-vou wikenn-nan . Dabò nan Open Ostrali-a nan Melbourne. Final medam-yo fikse pou demen samdi avèk yon afich inedi kap ofri yon nouvo chanpyon : Sèb Ana Ivanovic ap rankontre Rus Maria Sharapova. Kay mesye-yo , rande-vou-a se pou dimanch: Sèb Novak Djokovic kreye la supriz lè-l elimine numewo 1 mondyal-la Swis Roger Federer an 3 sèt a 0 pou-l al rankontre an final ak revelasyon tounwa-a Joe-Wilfried Tsonga ki te elimine numewo 2 mondyal la Rafael Nadal. 2 jwè sa-yo pral chèche ranpòte premye tit Gran Shelem nan karyè-yo.
Football
Yon kou dèy sou prensipal chanpyona ewopeyen-yo . Ann Espay, klasik 21e jounen ap mete fas-pou-fas Real Madrid , lidè konpetisyopn ak Villareal ki an 3e pozisyon. Ann Itali, gen 3 match ki ka modifye tèt klasman-an : Inter de Milan numewo 1 ap rankontre ak 5e nan klasman Oudinese ; ASwom , numewo 2 a ap jwe kont Palerm numewo 9 ; Jouventus de Turen , numewo 3 ap jwe kont Livourne. Nan okazyon 24e jounen chapyona anglè-a : suveye Manchester United ak Arsenal ki gen menm kantite pwen nan tèt klasman an.
Anpil boul jodi-a e pandan tout wikenn-nan nan Koup d’Afrik dè Nasyon-an: demen Cameroun ap jwe Zambi ; Ejip kont Soudan nan C-a. Se 2e jounen -an ; epi nan dimanch: Senegal -Angola ; Tunizie Afrik du Sud. Yè Jedi a Gana ranpòte yon viktwa 1 a 0 fas a Namibi pou l mete l pi prè kalifikasyon pou kar de final la. Ganeyen yo, ki gen 6 pwen nan group A a, bezwen yon nul pou pipiti pou l pase nan kar de final la lè yap rankontre Maròk Lendi. Maroken yo tonbe devan Guine 3 a 2- donk chak ekip yo gen 3 pwen-toujou gen posibilite pou yo kalifye nan kar de final la.
2 ofisyèl football Kenyan ke FIFA suspann fè konnen yo prale an apèl ak desizyon òganizasyon football entènasyonal la akoz desizyon an pa justifye. Komisyon Etik FIFA suspann 3 ansyen dirijan Kenyan pou yo pa janm mete pye yo kote gen aktivite football pou move konpòtman--kòm magouyè akoz yo ta resevwa lajan anba tab nan men yon seri de abit an retou pou mete non sou yon lis ofisyèl kòm abit entènasyonal.
Ansyen sekretè Jeneral federasyon an Daniel Omino ak Wycliffe Ogutu ansyen prezidan Asosyasyon abit yo, resevwa yon entèdiksyon 5 kan. Ansyen trezorye asosyasyon abit yo Samson Kawa resevwa yon suspansyon 2 zan. Omino ak Ogutu, ki fè konnen yo prale an apèl, akuze responsab yo kap konplete pou mete deyò anvan dewoulman eleksyon pou elu Federasyon Football Kenya a. Akuze yo di FIFA aji sou enfòmasyon dwat e gòch li resevwa nan menm moun yo te ekspulse nan federasyon football peyi a.
Ann Ayiti nan Stad Sylvio Cator nan Pòtoprens ,seleksyon nasyonal-la ap jwe 2 match demen Samdi 26-la ak madi 29 Janvye kont Salvador. 2 peyi-yo ap prepare eliminatwa Mondyal Afrik du Sud-la an 2010. Seleksyon Nasyonal ayisyèn-nan pral jwe 2 match sa-yo yon ti bout tan apre antrenèl-la kuben Luis Amelio Garcia remèt lèt demisyyonn bay prezidan federasyon-an foutbòl-la Yves Jean-Bart.
Pral gen yon gwo lese frape football lè Angletè ap rankontre Almay 31 Novanm vil Berlen. Se premye fwa yon ekip angle ap jwe nan vil Berlen depi 1972. Dènye fwa 2 seleksyon yo te boukante balon se mwa Out pase a nan stad Wemble a-yon rankont Almay te ranpòte 2 a 1.
Basketball
Balon ap woule aswè a nan NBA a lè Milwaukee ak rankontre Toronto. Washington Wizards ap akeyi Memphis Grizzlies. Se kèk pami rankont kap jwe aswè a.
San Antonio Spurs remonte yon defisi 10 pwen pou ranpòte yon viktwa de justès devan Miami Heat 90 a 89. Sa fè Miami 15 zièm defèt afile li subi. Golden State Warriors te fè anpil efò pou l kale New Jersey Nets de justè 121 a 119. New Jersey Nets subi 7 tièm defèt afile l. Milwaukee Bucks pilon-nen Indiana Pacers 104 a 92.
Pou yon 6 zièm ane afile fanatik yo vote basketè chinwa Yao Ming pou l fè pati ekip tout vedèt ant konferans de Lwès la ak Konferans de Lès la kap jwe nan Nouvèl Orleans 17 Fevriye. Lòt seleksyone yo se Allen Iverson, CArmelo Anthony, Tracy Mcgrady, Kobe Bryant, Tim Duncan. Nan konferans de Lès la gen Kevin Garnett, Lebron James, Dwight Howard, Dwayne Wade ak Jason Kidd.
Olympics
Toujou nan aktualite spòtiv-la : Gouvènman chinwa a leve vwa l kont kritik entènasyonal kap mande pou boykote Je zolenpik Peken yo akoz aksyon otorite yo nan Soudan ak Tibet.