Accessibility links

Breaking News

Mache La Bouss Etazini Ak Mache Ewopeyen yo Chite; Men Mache Nan Rejyon Azi a Regrenpe Monte


Envestisè a travè lemond gen reyaksyon depaman aprè desizyon Reserve Federal la (Bank Santral Lèzetazini an) pran yè madi a, pou l’ bese to denterè yo. Nan Honk Kong, pri asyon yo subi yon bès 11 pou san, tandiske yo anrejistre

yon wòs 2 pou san nan Maniy, Sydney, Shanghai avèk Tokyo. Sepandan, sou kontinan ewopeyen an, prensipal endis komèsyal yo bese byen ba nan tranzaksyon ki fèt jodi mèkredi a: pa egzanp, nan vil Paris, endis CAC 40 la anrejistre yon chut ki depase 2 pou san, e plus ke 3 pou san nan Frankfort. Se konsa tou, gen bès nan premye tranzaksyon ki fèt sou mache-d-la bous yo isit o Zetazini. Antretan, plizyè santèn lidè politik e ekonimik reyuni nan vil Davos, an Swis, pou yo asiste Fowòm Ekonomik Mondyal la, kote yap diskute sou ekonomi amerikèn nan (kap fè fas ak gwo difikulte) e sou konsekans sa kapab genyen sou ekonomi mondyal la. Kèk patisipan kritike desizyon otorite Lèzetazini yo pou yo bese to denterè yo, paske, daprè patisipan sa yo, sa kapab pwovoke enflasyon. Pou kèk lòt obsèvatè nan Davos, desizyon Reserve Federal la pran pou l’ bese to denterè yo se pa yon bon lide dutou, paske prete-lajan fasil se youn nan rezon ki eksplike pwoblèm sektè imobilye a ap konfwonte jounen jodi a---pwobklèm ki, daprè kritik sa yo, koze kriz ekonomik ki pete o Zetazini an. Sekretè-deta ameriken an, Condoleezza Rice, ak prezidan afgan, Hamid Karzai, pran lapawòl nan ouvètu fowòm nan. Pami lòt pèsonalite ki prezan nan Davos, nou jwenn: Bill Gates, prezidan konpayi Microsoft; premye minis britanik la, Gordon Brown, prezidan pakistanè-a, Pervez Musharraf, epi aktyèl pri Nobèl lapè e ansyen vis-prezidan ameriken Al Gore. An’n Azi, mache-d-la bous yo reprann kèk nan teren yo te pèdi nan kòmansman semèn nan aprè Bank Santral Lèzetazini an koupe yè madi a to denterè yo. Sepandan, yon analis ekonomik nan Honk Kong, Ben Kwong, deklare anyen pa di bès to denterè yo pral genyen yon efè kap dire. Kèk lòt analis ekonomik panse entèvansyon-supriz Rezèv Federal la fè yè a, se petèt yon siyal ki montre kriz imobilye a o Zetazini genyen yon pi gwo efè sou ekonomi an, ke jan yo te panse l’ anvan.

NDLR: Endis londonyen an, Financial Times lan, pèdi yon ti kras plis ke 2% (120 points) pou l' fèmen jounen an a 5,620 pwen. CAC 40 lan nan Paris anrejistre yon bès 3.8 pousan (185 points) pou l' fèmen tranzaksyon yo a 4,658 pwen. Endis DAX la nan vil Frankfort, nan peyi Almay, pèdi apeprè 5% (325 points). Li klotire jounen an a 6,444 pwen. Nan rejyon Azi a, Endis Nikkei la nan vil Tokyo, o Japon, anrejistre yon woss ki depase 2% (256 points) pou l' fèmen a 12,829 pwen. Hang Seng nan nan Hong Kong rebondi pou l' ranmase apeprè 11 percent, (2,333 points); li fini jounen an 24,090 pwen.

XS
SM
MD
LG